Nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an nan pèlerin 5, nan komin Petyonvil, yon kòmando ki te gen ladan li plizyè mèsenè kolonbyen ak ayisyen te rive franchi baryè kay prezidan Jovenel Moïse la san menm yon peta pat tire ant ajan ki t ap siveye rezidans prive Moïse la, pou yo te al asasinen 58tyèm chèf leta peyi a devan madanm li Martine Moïse ki te blese nan dram sa tou ak pitit li yo.
Sa gen 18 mwa peyi Ayiti te konnen youn nan pi gwo zak sasinay li, depi lè yon gwoup mèsenè ki te gen ladann ansyen militè kolonbyen melanje ak 2 ayisyen orijin ameriken te antre kay Prezidan Jovenel Moïse nan lannwit 6 jiyè pou rive 7 jiyè 2021 an pou te tòtire l epi touye l, daprè rezilta medsen lejis Jean Armel Demorcy ki te analize kadav ansyen prezidan an.
8 jiyè 2021 Lapolis ak popilasyon an ta pral trake mèsenè sa yo ki te anviwon 28, pami yo 2 ayisyen ki gen orijin ameriken. 18 nan ansyen militè kolonbyen sa yo te jwenn arestasyon yo ak 4 lòt te mouri anba bal lapolis epi 5 te sove daprè dènye eleman ankèt polisyè ki te pibliye dimanch 10 jiyè 2021 an.
Christian Emmanuel Sanon, yon sitwayen ayisyen ki viv plizyè ane nan Florid, te akize kòm sispèk ak youn nan enstigatè operasyon kòmando sa ki te koute lavi Prezidan Jovenel Moïse la. Christian Emmanuel Sanon ki gen 63 lane sou tèt li te prezante li kòm yon doktè ak pastè, se premye sèvo operasyon an lapolis te mete anba kòd jou ki te 11 jiyè 2021 an.
Nan kad ankèt polisyè sou asasina prezidan Jovenel la ki planifye nan peyi Repiblik Dominikèn, plizyè ajan ki te nan gad prezidansyèl la te jwenn arestasyon yo, pami yo Dimitri Herard ki se chèf sekirite prezidan an ak plizyè lòt pèsonalite, tankou senatè John Joseph Joël, moun ki nan elit ekonomik la, Rodolphe Jaar, Samir Handal. N ap raple tou daprè yon rapò RNDDH pibliye nan mwa dawou 2021 an, gen otorite ki te nan gouvènman prezidan Jovenel Moïse la ki patisipe nan mayisid sa a tankou ansyen Direktè Jeneral enterimè PNH la Léon CHARLES, aktyèl premye minis la Ariel Henry, ansyen jij kou kasasyon an Wendell Coq THELOT ki toujou nan mawon ak Joseph Félix BADIO pou n site sa yo sèlman.
Nan ki nivo lajistis peyi Ayiti ye ak ankèt sou sasinay prezidan jovenel Moïse la ?
7 mwa aprè fineray prezidan Jovenel Moïse la te chante nan vil Okap, ki sitiyel nan nò peyi a nan dat ki te 23 jiyè 2021 an, ankèt sou sasinay Prezidan an te deja konfye ak 3 jij enstriksyon, yo se Mathieu Chanlatte, Garry Orélien ak Chavannes Etienne, sa pat rete la, piske sistèm jidisyè ayisyen an jan nou konnen l lan pa toujou gen kapasite pou trete dosye yo ak rapidite.
Vandredi 4 mas 2022 a dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens la, jij Bernard Saint-Vil ta pral deziye Merlan Belabre, yon 4triyèm jij enstriksyon sou dosye sasinay ansyen chèf leta peyi a ki mouri a 53 lane nan rezidans prive li. 2 mwa aprè, swa 30 mai 2022, dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens lan, jij Bernard Saint-Vil ta pral chwazi Me. Walther Wesser Voltaire kòm 5kyèm jij enstriksyon sou dosye Jovenel Moïse la aprè Jij Merlan Belabre te anonse li retire kò li nan dosye a nan jou ki te lendi 25 avril 2022 a. Jij la te mete aksan sou manda li ki bout.
Nan dat ki te 7 desanm 2022 a ki te make 17tyèm mwa sasinay Prezidan Jovenel Moïse la, avoka Martine Moïse yo te mande jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire nan yon korespondans pou l retire kò li nan dosye a.
“Avoka ansyen Premye Dam Repiblik Ayiti a, Martine Moïse, mande jij ankèt la pou retire kò l nan ka a, e se, akoz sispèk lejitim”, se sa nou te li nan korespondans lan.
Avoka madan defen prezidan an te pouswiv nan korespondans sila pou yo te di :
« Daprè plizyè enfòmasyon ki rive jwenn viktim ak pwòch defen prezidan an, lyen sere w genyen avèk kèk manm pati politik enfliyan ki enplike nan dosye a, pami yo ansyen minis Jistis Paul Denis, ki te nonmen w nan sistèm nan, pa pèmèt ou gen ase serenite pou enstwi dosye yo konfye w la ».
Men malgre sa Jij Walter Wesser Voltaire toujou kontinye ankete sou dosye a, nan jou ki te 5 sektanm 2022 a jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire te tande pastè Christian Emmanuel Sanon apre plis pase yon ane nan prizon, nan kad odisyon sila ki te dire plis pase 3zèd tan, Sanon te deklare li inosan nan dosye asasina prezidan Moïse la.
Jij enstriksyon an pat rete la, nan kòmansman ane 2023 a, Me Walter Wesser Voltaire ta pral koute vèsyon James Solages ki te patisipe nan mayisid 6, 7 jiyè a nan rezidans prezidan Jovenel la nan Pèlerin 5 nan komin Petyonvil pou yon dezyèm fwa, Solages te fè pati 28 moun ki te nan kòmando sa a lapolis ta pral mete plizyè ladan yo anba kòd jounen jedi 8 jiyè 2021 an nan komin Petyonvil.
Lis moun yo rive odisyone nan kad dosye sa anpil, paske deja gen anviwon 40 sispèk ki ap kwoupi nan penitansye nasyonal, men sa pa anpeche ankèt la avanse plis pase sa jan fanmi ak alye ansyen prezidan an ta swete l la.
Kisa ki lakoz asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse ?
Se kesyon anpil moun ki avize nan sosyete a pa sispann poze, medya yo sitou, 12 desanm 2021, jounal ameriken an New York times pibliye yon ankèt sou asasina defen prezidan an kote yo rapòte Moïse ta sanble kòmanse drese yon lis antreprenè pwisan ayisyen ki nan trafik dwòg pou li bay gouvènman ameriken an.
“Anvan yo te touye l an Jiyè, li te kòmanse konpile yon lis politisyen ak antreprenè pwisan ki enplike nan trafik dwòg an Ayiti, ak entansyon pou l remèt li bay gouvènman ameriken an, daprè 4 gwo ofisyèl ak konseye ayisyen ki te responsab pou ekri dokiman an”, te rapòte New York Times nan atik li a.
Bò kote pali, RNDDH ki se yon òganizasyon k ap defann dwa moun yo nan peyi a nan yon rapò li te pibliye sou asasina prezidan an te fè konnen se motif politik ki lakoz lanmò ansyen mandatè palè nasyonal la.
“Asasina Prezidan Jovenel Moïse la òganize pou rezon politik, e pou fè yon divizyon. Se sa ki soti nan rapò ankèt RNDDH (Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun)”.
Malgre tout ipotèz sa yo, lajistis peyi Ayiti poko ka jwenn otè entèlektyèl zak sa plis pase 18 mwa apre asasina 58tyèm prezidan Repiblik Ayiti a nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an.
Yon dosye a swiv !!!
Facebook Comments