Yon fiziyad fè 9 mò nan Eta Kalifòni Ozetazini

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
yon fiziyad fè 9 mò nan eta kalifòni ozetazini
9 moun mouri nann yin fiziyad mas nan Eta Kalifòni nan yon vil kote majorite moun k ap vin la se orijin azyatik yo ye, daprè sa otorite lokal yo anonse jodi dimanch 22 janvye a. 
Atak la fèt tou pre yon sit kote yo te apenn sot selebre Nouvèl An lalin nan, nan Monterey Park, yon vil ki gen anviwon 61 mil abitan, epi ki sitiye ak anviwon 12 kilomèt nan lès sant vil Los Angeles.
Plizyè medya detaye fiziyad la fèt nan yon sal bal samdi swa pou ale dimanch maten, kèk tan aprè selebrasyon Nouvèl An lalin nan. Pa gen okenn detay ki bay sou otè zak la apa li se yon gason.
N ap raple se senkyèm fiziyad mas ki fèt Ozetazini pou mwa sa, daprè medya lokal yo ki fè konnen li « se premye fiziyad ki koute lavi ak plis moun nan peyi a depi aprè atak ki te fè 21 mò nan yon lekol nan Eta Texas ane pase.
Pooshy Rosana

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.