Napoli ap kraze tout sa l jwenn sou wout li sezon sa nan Serie A a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
napoli ap kraze tout sa l jwenn sou wout li sezon sa nan serie a a
Yon lòt bèl operasyon pou lidè chanpyona Itali a, Napoli, ki genyen jodi vandredi a Sassuolo (2-0) an deplasman gras ak pè atak li an ki konpoze ak Kvaratskhelia epi Victor Osihmen.
Ekip Napoli a k ap kraze tout sa l jwenn sou wout li depi kòmansman sezon an nan Serie A, fè yon bèl viktwa lakay Sassuolo jodi vandredi a, ki pèmèt li genyen pou kounya 18 pwen anplis Inter Milan ki vini aprè l nan dezyèm plas klasman an.
Napoliten yo ki pami ekip ki pi anfòm sou kontinan ewopeyen an nan chanpyona moun plis gade yo, ap vanse tou dwat pou ranpòte chanpyona Itali a sezon sa kote aprè 23 jounen yo deja ranmase 62 pwen sou 69 ki te posib yo.
Sou 23 match ki jwe sezon sa nan Serie A, ekip Luciano Spalletti an genyen yon bilan ekstraòdinè avèk sèlman yon grenn defèt epi 2 match nil pou 20 viktwa. Napoli prèske lage nan yon kous poukont li pou Scudetto a sezon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.