Benzema ap rate match fas Osasuna

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
benzema ap rate match fas osasuna

 Nan lide pou Balon dò 2022 a ka a 100% fas ak Liverpool nan Champions League la, madi kap vini, C. Ancelloti  deside pa jwe ak Benzema  fas Osasuna nan Liga demen samedi a. Real Madrid ap kapab konte sou Eden Hazard, ak Thibaut Courtois, pou 22zyèm jounen Liga.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antrenè Merengue yo anonse Karim Bezema, pap ka deplase pou match fas Osasuna pou 22zyèm jounen Liga. Balon dò a ap pran repo pou l kapab jwe fas ekip Liverpool nan Champions League lan madi kap vini an.

 

« Karim Benzema pap la demen, li fatige, nou prefere li rekipere l byen pou match madi a. Se pa paske Benzema pap jwe demen, ki vle di li blese,  nou jis deside bay jwè a repo. » Se sa teknisyen Italyen an fè konnen avan match chòk sa fas ekip Liverpool.

 

Antrenè Italyen an fè konnen, Toni Kroos pap kapap prezan tou ak koz li malad.

 » Toni gen yon grip, li poko tounen nan antrenman; li pap ka jwe pou match demen an. Men Eden Hazard ak Thibaut Courtois, ap tounen. » Se sa antrenè a fè konnen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive