Nasyonzini mete fen nan misyon Helen Lalime nan tèt BINUH, Daprè Pierre Espérance

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
nasyonzini mete fen nan misyon helen lalime nan tèt binuh, daprè pierre espérance
Misyon Helen Lalime rive nan bout li, Daprè anons Pierre Espérance te fè nan mikro Volcy Assad. Reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti ak chèf BINUH an ta jwenn remèsiman nan men Nasyonzini epi manda li pap renouvle ankò, dapre direktè egzekitif RNDDH la. « Se jou l ap konte pou l fè valiz li. Li pral pati nan fen mwa janvye a », deklarasyon Espérance.
Pierre espérance itilize plizyè tèm pou dekri Helen Lalime epi fè bilan sou jesyon li an Ayiti. Daprè li, Helen Lalime te patisipe nan federasyon  »G9 an fanmi e alye » a. Nan ane anvan yo, Nasyonzini te menm pibliye yon rapò ki endike federasyon sa a te redwi lanmò vyolan yo. Reprezantan Nasyonzini an an Ayiti a te kont lalwa epi li te konn alimante banalite dwa moun yo, epi ankouraje koripsyon ak enpinite kritik defansè dwa moun yo.
« Ranfòsman kontwòl federasyon gang ame G9 la, nan sèten rejyon nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan redwi kantite omisid entansyonèl pa 12% ant premye jen ak 31 out », daprè Nasyonzini. Sekretè Jeneral Antonio Guterres nan rapò li bay Konsèy Sekirite a sou sitiyasyon an Ayiti a. Se yon rapò ki choke plis pase yon lane.
Depi lontan, misyon Nasyonzini an Ayiti a te dirije pa diplomat Ameriken an. Sa a te toujou kreye yon relasyon sere ant chèf misyon sa yo ak administrasyon Ameriken an. Sepandan, gran ofisye administrasyon sa a pa vote anfavè renouvèlman Lalime nan, epi Ameriken yo enterese pran tèt BINUH, daprè chèf RNDDH la.
 « Yo fè yon evalyasyon negatif sou jesyon Helen Lalime an Ayiti , se poutèt sa yo opoze ak renouvèlman manda li », daprè Pierre Espérance.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.