Lakers vire bagay yo nan men Portland 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
lakers vire bagay yo nan men portland 

Yèswa nan Oregon an, Los Angeles Lakers rive bat Portland Trail Blazers (121-112), aprè Portland t ap mennen sou yo 25 pwen aprè poz la. Ekip Lebron James lan pa sispann enpresyone moun. Jwè 38 lane a make 37 pwen ak 11 rebon. Thomas Bryant li menm, li rive fè 31 pwen ak 14 rebon. Se nan dezyèm peryod la Lakers te sòti grif li pou li genyen match la.

Aprè viktwa Lakers fas Memphis Grizzlies la, koyekipye Lebron James yo rive mete do Portland atè (121-112), aprè yo te montre 2 fasèt nan jwèt yo yèswa. Nan yon premye tan, ekip Lakers la pa t bon menm, aprè yo te fin pran 45 pwen pou 13 sèlman yo te make. Men, nan yon lòt tan, yo ta pral sòti grif yo pou yo fè “come-back” la. Sa ki ta pral pèmèt yo genyen match la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lebron James (37 pwen, 11 rebon) ak Thomas Bryant (31 pwen, 14 rebon) ta pral vire bagay yo nan men Portland. San nou pa bliye Dennis Schröder ki make 24 pwen, 6 rebon ak 8 pas. 

Blazers yo pat ka konte sou Damian Lillard (24 pwen, 6 rebon, 10 pas) ki t ap mal pase nan chout li yo. Li te reyisi 5 sou 17. Epi, Anfernee Simons, aprè li fin make 31 pwen, te bliye jwèt li aprè poz la. 

Ajoute sou sa, defans ekip Portland lan te parèt fèb devan triyo Lakers la (Lebron-Bryant-Denis). 3 jwè sa yo te pèmèt Los Angeles resezi li epi genyen match la. Se yon dezyèm siksè youn dèyè lòt pou Lakers yo. Portland li menm kontinye ap plonje, sa fè twazyèm defèt yo youn kole ak lòt. 

 

Men tout rezilta yo 

Heat – Pelicans : 100-96

Raptors – Knicks : 125-116

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nuggets – Thunder : 99-101

Suns – Grizzlies : 112-110

Warriors – Nets : 116-120

- Advertisement -
Ad imageAd image

Trail Blazers – Lakers : 112-121

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive