NBA: Jimmy Butler fè 56 pwen nan Game 4 la fas Bucks yo

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
nba jimmy butler fè 56 pwen nan game 4 la fas bucks yo

Pou Game 4 Playsoffs la ki mete bab pou bab Miami Heat kont Milwaukee Bucks, nan lanwit lendi a, Jimmy Butler reyalize yon lòt gwo pèfòmas pou Heat yo fas Bucks yo, li make 56 pwen, yon pèfòmas ki ede Heat yo genyen (119-114) epi mete seri a 3-1 pou Heat yo. Yon match sèlman ap pèmèt Miami Heat mete deyò premye konferans Es la, ekip ki gen pi bon bilan nan NBA a sezon sa.

Miami Heat genyen yon 3zyèm fwa Milwaukee Bucks, youn nan pi bon favori pou tit la sezon sa (119-114) ak yon Jimmy Butler ki fè yon lòt pèfòmans san parèy nan NBA a. Aryè All- Star la make 56 pwen nan rankont lan, se 4triyèm gwo pèfòmas li nan playoffs la, sa ki se yon rekò pèsonèl pou jwè a ak tout franchiz la, li fè 21 pwen sou 56 yo nan money time lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan pati regliye a ekip Miami Heat an pat tap mòde lage, se yon ekip ki te fatige. Se 4triyèm fwa nan istwa NBA a, yon ekip fini 8tyèm ap mennen 3-1 sou yon premye, sa te fèt depi 1984.

Yon lòt bò, malgre retou Giannis Antetokounmpo, ki fe yon triple-double (26 pwen, 10 rebon, 13 pas), sa pa anpeche Bucks yo tonbe yon 3zyèm fwa nan playsoffs la. Se vre ekip la poko elimine men yon nan yon sitiyasyon ki difisil, paske yo dwe mete seri ak 3-2, 3-3 epi al chache denye match la, yon bagay konplike paske Miami Heat ap reveye epi repran konfyans.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive