Spotify pèdi plis pase 220 milyon dola ameriken pou premye trimès ane a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
spotify pèdi plis pase 220 milyon dola ameriken pou premye trimès ane a

Malgre ogmantasyon nan kantite itilizatè k ap konsome kontni li yo, Spotify anrejistre yon pèt ki evalye jiska plis pase 220 milyon dola ameriken sòti janvye pou rive avril 2023.

Jodi madi a, platfòm swedwa a ki espesyalize nan kontni odyo yo prezante chif yo pou kòmansman ane a ki katastwofik avèk kantite lajan sa ki pèdi malgre yon ogmantasyon rekò nan kantite abone ak konsomatè kontni li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè responsab Spotify yo, kantite lajan sa ki pèdi pandan kòmansman ane a lye ak ogmantasyon nan efektif moun k ap travay pou platfòm lan epi avèk tout kotizasyon sosyal ki sou chaj yo an.

Nan menm peryòd sa pandan ane ki sot pase a, Spotify te genyen yon chif afè pozitif avèk plis pase 130 milyon dola kòm benefis gras avèk yon seri rantre finansye adisyonèl. Pou twa premye mwa ane 2023 a, tandans lan nètman diferan.

Depi kèk ane, jeyan swedwa a pami platfòm odyo ki gen plis itilizatè nan mond lan avèk plis pase 500 milyon moun k ap konsome kontni li yo avèk prezans li sou prèske tout mache yo epi kalite sa li pwopoze yo ki favorab ak tout jenerasyon itilizatè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.