Noël Le Graët gentan jwenn yon pòs nan FIFA

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
noël le graët gentan jwenn yon pòs nan fifa

Aprè 11 lane nan tèt Federasyon Foutbòl Fransè a (FFF), Noël Le Graët te deside remèt demisyone l jodi madi a. Desizyon sa ta pral vini aprè anpil polemik, kote non prezidan federasyon an ta site nan anpil dosye. Men anpil tan pat pase, nan menn jodi madi a, prezidan FIFA Gianni Infantino anonse Noël Le Graët pral dirije biwo FIFA nan vil Paris.

Aprè non prezidan Federasyon Foutbòl Fransè a te fin site nan yon ankèt pou asèlman moral ak seksyèl epi nan dosye Zidane nan, Noël Le Graët fè yon kraze kite sa ak FFF. Tou swit aprè demisyone li, prezidan Gianni Infantino tou nome Le Graët, pou vin dirije biwo FIFA nan vil Paris.

Daprè « Canal Plus » ansyen prezidan Guingamp ta jwenn pòs sa pou konpetans li, ekspètiz li ak tout eksperyans li. Dirijan 81 lane a pral jere biwo FIFA nan vil kapital Fransè a. Eric Borghini, se yon manb nan Federasyon Foutbòl Fransè a, se li menn ki konfime enfòmasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED: , ,
Partagez cet article