Thiago Silva blese pou 6 semèn, ap rate match fas ekip Dortmund nan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
thiago silva blese pou 6 semèn, ap rate match fas ekip dortmund nan

Chelsea pap ka konte sou Brezilyen an Thiago Silva pou afwonte ekip Dorrmund nan pou 8tyèm final retou nan Champions League la. Ansyen jwè PSG a te soti blese nan match fas Tottenham nan (2-0) aprè 19 minit. Defansè Brezilyen an ap absan pou plizyè semèn.

Nan yon kominike, jodi madi a, Blues yo anonse Thiago Silva ap absan pou plizyè semèn ak klèb la, aprè li te soti blese nan defèt yo fas ekip Tottenham nan (2-0). Sa ki fè Brezilyen 38 lane a ap rate deplasman ekip Chelsea a pou 8tyèm final retou Champions League la fas Dortmund 7 mas 2023.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Rezilta scanner yo konfime Thiago Silva blese nan jenou. Li pral travay ak sèvis medikal klèb la pandan moman blese l la pou l ka tounen byen rapid » se sa kominike klèb la anonse jodi madi a.

Klèb la pa di pou konbyen tan jwè a blese men anpil jounal nan peyi Angletè fè konnen se pou 6 semen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive