« Nou Pap Konplis » bay HCT 90 jou pou pwouve tèt li

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
nou pap konplis bay hct 90 jou pou pwouve tèt li
Estrikti politik Nou Pap Konplis nan yon nòt pou laprès ki gen dat madi 7 fevriye 2023 a, di li bay Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT) ki fèk enstale a yon peryòd 3 mwa pou pwouve kapasite li pou li fè fas ak defi kriz aktyèl la, pou voye yon siyal fò bay aktè ki poko siyen Akò 21 desanm 2022 a, ak elaji akò a nan lòt sektè nan sosyete a.
Nan nòt sa ki pote siyati Ricardo Fleuridor, Nou Pap Konplis di nan kafou istorik sa a, okenn sektè ak gwoupman politik pa gen kapasite pou dirije peyi a pou kont yo devan kriz miltidimansyonèl sa a. Nan sans sa a, estrikti a mande manm konsèy la ale pi lwen pase tèt yo nan lide pou yo jwenn yon solisyon ak sitiyasyon difisil sa a peyi a ap fè fas la.
Yon lòt bò, Nou Pap Konplis raple pwoblèm yo ap vin pi grav chak jou k ap paee, enkli enkapasite enstitisyon lapolis la pou konbat gang ak zam yo nan peyi a, ki preske gen kontwòl tout Kapital peyi a, ansanm ak vid konstitisyonèl nan peyi a.
Se sak fè, Nou Pap Konplis mande yon amonizasyon ant manm Wo Konsèy Tranzisyon an (HTC) ak moun nan  gouvènman an pou evite malfonksyònman youn tankou lòt.
N ap raple, nan dat ki te lendi 6 fevriye 2023 a, Lokatè Primati a,  te enstale 3 manm Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT) nan pozisyon yo, ki se , Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent Saint-Cyr ak Calixte Fleuridor.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.