Demann libète kondisyonèl Daniel Alvez la tonbe nan dlo

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
Demann libète kondisyonèl Daniel Alvez la tonbe nan dlo

Aprè Daniel Alvez te fin akize pou vyol sou yon jenn fanm 23 lane nan peyi Lespay. Dosye sa te voye jwè a nan priz. Selon « Olé » ansyen jwè Barcelone lan te mande yon libète kondisyonèl. Yon demann ki tonbe nan dlo paske prèv yo jwenn yo, pa jwe an favè Brezilyen an.

Malgre Daniel Alvez ap byen pase nan prizon an ak lòt prizonye yo. Brezilyen an ta mande lajistis peyi Lespay, pou yo ta ba li yon libète kondisyonèl. Sa ki pa rive fèt paske yo pè pou Brezilyen an pa lage pye l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jij k ap jere dosye a fè konnen, gen posibilite pou jwe a ta jwenn liberasyon li, men li pè pou Brezilyen an pa tounen nan peyi l. Yon sityasyon parèy ap difisil anpil pou yo ta fè jwè a tounen nan prizon nan peyi Lespay.

Daniel ki nan prizon pou koze vyol, pataje yon selil ak yon lòt Brezilyen ki rele Coutinho, (ki pa ansyen jwè Liverpool), se yon zanmi ansyen lateral dwat la, ki te konn frekante diskotèk Daniel Alvez konn ale yo.

Dènye prèv yo ak temwanyaj yo pa jwe nan favè jwè a ditou. Rezon sa yo fè jwè a p ap ka jwenn libète kondisyonèl li jan jij li a pèsiste sou demann lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive