Nwit istorik pou Donovan Mitchell nan NBA a ki make 71 pwen fas Chicago Bulls 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
nwit istorik pou donovan mitchell nan nba a ki make 71 pwen fas chicago bulls  (1)

Cleveland kase mete nan men Chicago Bulls (145-134), nan lanwit madi a, ak yon gwo pèfòmans Donovan Mitchell ki rive fè  71 pwen 8 rebon ak 11 pass. Fè 71 pwen nan yon match se yon  estatitik fèt chanje, pèfòmans sa tou mete menè Cleveland lan nan Top 10 jwè ki fè tout pwen sa nan yon match nan istwa NBA a. 

Yon nwit majik pou Donovan Mitchell ki antre nan istwa NBA a aprè l te finn fè 71 pwen, 8 rebon ak 11 pass fas Chicago Bulls. Yon estatitik ki mete jwè a nan yon espas ki fèmen nan istwa jwèt la, sèl 7 jwè rive fè tout pwen sa, menn plis nan yon match.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi lè Kobe Bryant tap jwe pat gen okenn jwè ki te rive fè tout pwen sa nan yon match, nan lannwit madi a Donovan Mitchell te montre sa l ka fè, pèfòmans li ede Cleveland jwenn pwolongasyon avan 3 sekond epi ede franchiz li a genyen match la (145-134). 

Ansyen jwè Utah Jazz la vin 7yèm jwè ki fè 70 pwen ak plis nan istwa NBA a, avan Donovan Mitchell, 6 jwè te gentan rive make 70 pwen, menm depase chif sa a nan yon match. Jwè  sa yo se :  Wilt Chamberlain (100 pwen), Kobe Bryant (81), David Thompson (73), David Robinson ak Elgin Baylor (71) epi Devin Booker (70).

Aprè nwit sa, Donovan Mitchell vin pi bon makè nan NBA a, pou rekò nan pas, li fè 11 kote l jwenn pwòp rekò li, nan lanse fran li rive make 20 sou 25, li te tante yo yon lòt rekò li bat, sa vin rann li okipe 7yèm plas nan Top10 ki make plis pwen nan NBA a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia