Otorite ameriken voye gaz nan peyi a pou yo kapab alimante anbasad yo gen Ayiti a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
otorite ameriken voye gaz nan peyi a pou yo kapab alimante anbasad yo gen ayiti a 

Depi kèk mwa peyi a ap fè fas ak yon kriz gaz, akoz kriz sa, otorite ameriken yo voye gaz chak jou atravè avyon militè ameriken yo, pou yo alimante anbasad yo an Ayiti.  Operasyon sa a te kòmanse dimanch 23 oktòb ki sot pase a, daprè  sa Yves Manuel, repòtè VOA kreyòl fè konnen. 

Kriz  gaz sa a kontinye afekte peyi a nan plizyè domèn tankou sante, ekonomik, elatriye. Tèminal Vare kote 70% gaz estoke  se gang « G-9 » ki ap jere l.  Plizyè lopital te redwi sèvis yo ak anplwaye yo, kèk konpayi te redwi kantite lè ak jou travay yo,  gen lòt tou ki sispann aktivite yo. Mete sou sa, epidemi kolera a kontinye ap ogmante nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè rapò MSPP ak OPS, ka maladi kolera nan peyi a kontinye ap ogmante,  plizye ka lanmò enstitisyonèl ak kominotè  te anrejistre nan prizon sivil Pòtoprens, Penitansye. 

Se sak fè, Akoz kriz gaz nan peyi a, otorite ameriken yo ap voye gaz atravè avyon militè ameriken pou yo founi anbasad yo ann Ayiti. 

Daprè sa Yves Manuel, repòtè VOA Kreyòl, depi Dimanch pase a, Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture ap resevwa 2 vòl US Air Force chak jou.  Avyon militè Ameriken sa yo pote gaz pou bay Anbasad Etazini an Ayiti. 

« Sòlda ameriken yo souvan akonpaye  ak ponpye ayewopò yo nan kad livrezon gaz la, » te di Yves Manuel, ki  fè konnen « operasyon sa yo ap kontinye nan Ayewopò Toussaint Louverture jiska kòmansman mwa novanm 2022 a. »

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.