Nan yon kominike ki soti jodi madi 2 jiyè a, Ministè Kominikasyon fè konnen ouragan BERYL ap pran plis fòs pandan li kontinye avanse nan direksyon Sidès zile Karayib yo. Pandan pasaj li sou Ayiti, ekspè meteyoloji yo prevwa gwo van ak lapli ki gen kapasite pou kreye pwoblèm grav nan depatman Sid, Sidès ak Grandans nan peryòd soti nan jodi madi a nan apremidi jiska demen mèkredi 3 jiyè a.
Inite Idwometeyowolojik ak Sistèm nasyonal pou jere risk ak dezas anonse nivo vijilans oranj sou depatman sa yo. Sa a se paske te gen anons inondasyon, eboulman ak lanmè ki kapab monte nan zòn Sid la. Autorite yo mete anplas pwoteksyon aktivite kabotaj pou evite bato yo pran lanmè soti jodi a jiska mèkredi 3 jiyè.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ak Sekretarya Pèmanan pou Jere Risk ak Dezas mande tout popilasyon an, espesyalman moun ki rete nan zòn risk, pou yo swiv ak respekte konsiy sekirite yo. Sa enkli swiv meteyo bilten, konsèy otorite yo ak pwoteksyon sivil. Yo fè konnen pou moun ki rete nan zòn ki gen dlo ki konn desann, tankou bò ravin oswa bò lanmè, yo dwe prè pou deplase ale nan zòn pwoteksyon pwovizwa.
Otorite konsène yo fè konnen y ap swiv devlopman sitiyasyon an epi yap mete enfòmasyon sou entènèt, tout pandan y ap mande moun ki nan zòn risk pou yo pran prekosyon pou pwoteje tèt yo ak pwopriyete yo kont efè negatif ki kapab rive lè van ak lapli ap frape.
Source Photo: Le Devoir