Yon gwoup Ayisyen nan peyi Etazini mande Biden kanpe sou depòtasyon yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur

Nan moman Ayiti ap pare pou resevwa yon lòt fwa ankò yon entèvansyon militè etranje, plizyè dizèn sitwayen orijin ayisyèn manifeste pou mande administrasyon Biden lan kanpe sou depòtasyon ayisyen yo epi pwolonje TPS la.

Pou gwoup sitwayen sa yo, pami yo reprezantan nan nivo lokal Eta Florid Dotie Joseph, degradasyon sitiyasyon an Ayiti an ak anons rive fòs miltinasyonal la pa pi bon moman pou administrasyon Biden lan ap refoule Ayisyen nan nenpòt kondisyon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sitwayen sa yo ki gen kòd lonbrit yo makònen ak Ayiti, egzije gouvènman ameriken an repanse fason y ap trete Ayisyen ak depòtasyon masif sa yo epi mande pou gen yon pwolongasyon nan estati pwoteksyon tanporè moun plis konnen sou non TPS lan.

Mouvman sa ki te fèt sou fòm konferans pou laprès, se te okazyon pou gwoup sitwayen sa yo renouvle angajman yo pou defann koz Ayiti an sou teritwa ameriken an. Nou ka site non tankou Shelia Cherfilus McCormick, manm kongrè ameriken an ki toujou ap plede anfavè Ayiti.

 

Source  Photo: AyiboPost

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.