Daprè yon akò Ayibopost rive jwenn yon kopi, manm misyon miltinasyonal pou soutni sekirite an Ayiti yo ap benefisye yon seri iminite ak privilèj enpòtan.
Anfèt, akò a di si yon ofisye yo trape « an flagran deli » pandan l ap fè yon move aksyon, yo dwe mennen l imedyatman bay responsab misyon an pou fè swivi ki nesesè yo. Dispozisyon sa a soulve kesyon sou fason yo pral trete fot ak deli manm misyon an nan peyi Dayiti.
Yon lòt bò, dokiman fè konnen tout pouswit jidisyè penal dwe fèt nan peyi kote ofisye ki fè zak la sòti an, men pa an Ayiti. Kloz sa a vle di otorite ayisyen yo pa p gen jiridiksyon pou jije zak kriminèl polisye misyon entènasyonal yo fè, e responsablite jidisyè a pral pase nan peyi orijin koupab yo.
Kondisyon sa yo lakoz anpil deba sou souverènte jidisyè Ayiti ak efikasite misyon miltinasyonal la pou garanti sekirite pandan y ap respekte lwa lokal yo. Plizyè ekspè ak sitwayen ayisyen eksprime enkyetid yo sou enplikasyon akò sa a sou lajistis ak transparans nan peyi a.
Reyaksyon ak Deba
Reyaksyon Ayisyen yo fas ak akò sa a melanje. Gen kèk ki panse prezans misyon entènasyonal la esansyèl pou estabilize sekirite nan peyi a, tandiske gen lòt moun ki gen kè sote pou iminite sa a pa mennen polisye sa yo nan abi pouvwa san konsekans apwopriye.
N ap raple, otorite ayisyen yo poko fè okenn kòmantè piblik sou detay akò sa a, men gen diskisyon an kou pou evalye enpak akò sa sou sistèm jidisyè peyi Dayiti.

