Ouvèti yon sant tretman kolera pou fanm ak timoun nan Site Solèy 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ouvèti yon sant tretman kolera pou fanm ak timoun nan site solèy 

Fas ak gwo difikilte popilasyon nan komin Site Solèy ap fè fas depi reparèt epidemi kolera nan peyi a, yon nouvo sant tretman kolera mete sou pye nan komin lan pou pran an chaj fanm ak timoun, gras ak sipò UNICEF. 

Lopital Fontèn ki nan komin Site Solèy avèk soutyen UNICEF rive louvri nouvo sant tretman kolera sa ki pral kapab ede fanm ak timoun ki gen mwens pase senk lane yo ki ap fè fas ak monte epidemi an nan peyi a, prensipalman nan zòn defavorize yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Non sèlman monte an fòs epidemi kolera, popilasyon nan Site Solèy ap fè fas ak gwo pwoblèm ensekirite alimantè, povrete, aksè ak swen sante kalite, san bliye mal manje timoun ki poko gen senk lane yo viktim. 

Depi reparèt maladi sa sou teritwa nasyonal la nan kòmansman mwa oktòb ki sot pase a, plis pase yon milye moun ta deja trape viris kolera ak plizyè dizèn moun ta pèdi lavi yo daprè chif Òganizasyon Nasyonzini pibliye, ki te tou pwofite mande lajan pou kapab ede fè fas ak epidemi an nan peyi a. 

Choléra : Ouverture d’un CTC pour femmes et enfants 

Les habitants de Cité Soleil sont confrontés à des problèmes de pauvreté, d’insécurité alimentaire, d’accès aux soins de santé de qualité, de malnutrition chez les enfants de moins de 5 ans et de la résurgence du choléra. L’UNICEF a appuyé le Centre Hospitalier Fontaine dans l’ouverture d’un Centre de Traitement du Choléra (CTC) pour la prise en charge des enfants et des femmes à Cité Soleil. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.