« PAM » prevwa bay 1,7 milyon moun kichòy nan jou kap vini yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
"PAM" prevwa bay 1,7 milyon moun kichòy nan jou kap vini yo 

Aprè plizyè zak dechoukay biwo Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) sibi nan mouvman pwotestasyon ki te òganize yo, kont desizyon malonèt gouvènman Ariel Henry te pran pou ogmante gaz la nan ponp yo, responsab yo nan « PAM » anonse atravè yon nòt, pou fen lane 2022 sa a, yo prevwa touche 1,7 milyon benefisyè nan tout peyi a. 

Nan nòt sila ki pote siyati Stephanie Rigaud kòm asistans kominikasyon enstitisyon an, Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) fè konnen, anplis operasyon ijans yo, yo ede nan ranfòse rezilyans Ayisyen yo epi konsolide sistèm nasyonal pwoteksyon sosyal ak alimantasyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

PAM mansyone tou nan nòt sa a yon bilan sou distribisyon yo ak kantite benefisyè ki te deja jwenn kichòy pa yo. Sòti 1ye janvye rive 30 septanm 2022, PAM distribiye bay 992,000 benefisyè , 10,683 tòn metrik pwodui alimantè, epi yon total  21.2 milyon dola meriken pa transfè lajan. « PAM bay lajan kach sitou, pou pèmèt moun yo chwazi koman y ap reponn ak bezwen esansyèl yo pandan lap ede lajan sikile nan mache lokal yo. 

92% nan asistans yo se an espès (san kantin eskolè pa ladann) », ekri nan kòt la. 

Toujou nan nòt sa a, enstitisyon an pwofite raple pandan lane 2021 an, yo achte omwen 761 tòn metrik nan peyi a 16% nan tout acha yo te fè yo, sòti janvye 2022 rive kounye a, prèske 2 000 mt 54%  achte sou mache lokal la. An plis, PAM achte pou 2,3 milyon dola manje lokal pou elèv yo nan men òganizasyon peyizan pou lane 2021-2022 a. 

Pi lwen, PAM fè konnen pwogram kantin eskolè a konsidere kòm pi gwo pwogram sekirite alimantè nan peyi a. Chak jou, PAM livre repa bay prèske 358 000 timoun nan plis pase 1700 lekòl, pifò ladan yo se lekòl nasyonal nan peyi a. PAM travay ak gouvènman an pou mete sou pye yon pwogram nasyonal kantin eskolè.  « Kantin lekòl ki chita sou achte pwodwi lokal yo, nou vire pi plis chak jou nan pwodiksyon lokal, nan makonnen pwogram kantin eskolè a ak kiltivatè/pwodiktè lokal yo. » Yo te ekri. 

Nan lane 2015, yon total 3 500 elèv te benefisye, alòske nan lane 2022 prèske 100 000 timoun nan 400 lekòl nan 5 depatman diferan te sanse benefisye nan pwogram sa a. PAM ede plis pase 1 000 agrikiltè nan peyi Dayiti. Aktivite rezilyans ak rediksyon dega lè katastwòf yo elatriye. 

Pou fini, pou fen lane 2022 sa a, yo prevwa sipòte plis pase 135 000 moun, nan ranje ak konstwi byen nan kominote lwen yo. Inisyativ PAM yo nan kreye mwayen pou moun viv byen reponn ak bezwen rapid yo nan bay kòb pandan lap sipòte konstriksyon oubyen ranje byen ki pral amelyore sekirite alimantè ak rezilyans moun yo pi lontan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.