Moun Fontamara yo anonse yon mach pasifik nan memwa Raymonica J. Felix anvan antèman li 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
moun fontamara yo anonse yon mach pasifik nan memwa raymonica j. felix anvan antèman li 

Nan sousi pou denonse lanmò trajik jenn demwazèl 21 lane a, Raymonica Jean Felix, premye oktòb pase a, ki te resevwa yon bal mawon nan do nan enpas « Lakou Mango » zòn Fontamara, pandan l ta pral achte, plizyè sitwayen nan zòn sa a anonse yon mach pasifik jou kap vandredi 7 oktòb 2022 a. 

Nan okazyon mach sa a, plizyè jenn fanm ak jenn gason ap ofri Raymonica yon dènye omaj nan respè ak lanmou, men se toujou nan sousi pou denonse bandi san manman ki kenbe avni yo an otaj nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan depi plizyè lane. Yap reyini sou plas Fontamara 43 a pou monte devan legliz Sunem nan, yap fè eskal yo nan lokalite Douyons, pase nan Belo, Lakou Mango kote li te pran bal la, epi al depoze foto viktim nan ak kèk jèm flè devan lakay li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mach la ap kòmanse vandredi 7 oktòb la a 3zè nan aprè midi, yo pa gen yon lè yap fini l, antèman an ap chante samdi 8 oktòb 2022 nan legliz « Tabernacle » ki chita kòl nan riyèl Bourjolly a, a 7è nan maten. 

Nap raple Jenn demwazèl la ta pral fè filo ane sa a, li mouri swit ak afwontman ki opoze gang gran Ravin yo ak gang Tibwa yo, malgre pretèks bandi ak zam sa yo pran « goumen pou tèritwa »,  yo fini pa montre ak klè se malere ak malerèz ki san defans yo, yo vle detui, se yo kap fè lalwa isit, yo kidnape, sasinen, vòlè byen moun, vyole, lè yo vle, sou pretèk yap direje oubyen yap pran defans pèp, alòske bouch zam yo pa tire kont ni sibvansyonè yo, ni lènmi yo vre.  

Kesyon nap poze, Konbyen  tan ankò paran dezespere sa yo ansanm ak tchovi yo ap fè, nan reziye yo soufri anba grif bandi san fwa ni lwa sa yo kap detui pwòp antouraj yo pou mose manje ak degouden ? 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.