Paris Saint-Germain anonse yon seyans antrènman piblik nan Parc des Princes lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
paris saint germain anonse yon seyans antrènman piblik nan parc des princes lan
Paris Saint-Germain k ap konnen yon moman difisil, prensipalman depi kòmansman ane a, anonse pou 24 fevriye k ap vini la, yon seyans antrènman piblik kote fanatik yo ap kapab asiste pandan anviwon 1è.
Nan yon kominike ki pibliye sou sit ekip parizyen an, direksyon PSG a anonse evènman sa ki prevwa òganize vandredi 24 fevriye k ap vini la avèk pou prensipal objektif resere lyen yo ant ekip la ak fanatik yo avan rive uityèm final retou Champions League lan, fas Bayern Munich.
Seyans antrènman inik sa k ap gen pou reyalize nan Parc des Princes lan, ap gen pou òganize egalman pou enplike fanatik yo nan preparasyon ekip la ki gen yon seri gwo randevou k ap tann li pandan rès sezon an, prensipalman 8 mas fas Bayern Munich.
Daprè kominike an, fanatik yo gen posiblite vini pou kont yo, an gwoup oubyen an fanmi pou asiste ak seyans antrènman sa ki pwograme pou 16è, lè peyi Lafrans, kote y ap kapab wè jwè PSG yo epi ankouraje yo a de semèn anviwon match retou fas Bayern lan.
N ap raple, pou match ale uityèm definal Champions League la, Paris Saint-Germain te tonbe (0-1) nan Parc des Princes lan, madi 14 fevriye ki sot pase a, fas Bayern Munich sou yon gòl Kingsley Coman ta pral make.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.