Paris Saint-Germain pèdi avan match li nan Champions League la fas Bayern

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
paris saint germain pèdi avan match li nan champions league la fas bayern

Dènyè jou sa yo ekip Paris Saint-Germain an pa anfom ditou, sans Messi ak Mbappé, jwè Galtier pa rive genyen fas ekip Monaco a, ki malmennen yo (3-1) nan kad 23zyèm jounen nan Ligue 1. Yon lot defèt pou PSG, avan li resevwa Bayern pou 8tyèm final Champions League la madi.

PSG tonbe ankò, aprè li te elimine nan « Coupe de France » lan fas Olympique de Marseille nan (2-1), jodi samedi a, Monaco kase mete nan men parizyen yo nan estad Louis II a pou 23zyèm jounen Ligue 1 an. Defèt sa mete plis enkyetid kay klèb kapital la avan match chòk sa fas Bayern nan Champions League la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Byen bonè nan premye mitan, Alexander Golovin ta pral make premye gòl Monégasque yo, 4yèm minit(1-0). Wissam Ben Yedder ta pral fè dezyèm gòl la nan 18tyèm minit (2-0). Nan fen premye mitan Warren Zaire ta pral redwi mak la pou PSG nan 39vyèm minit (2-1). PSG ki ta chache egalize, ta pral pran yon twazyèm gòl, kote Wissam Ben Yedder tap pral siprann yo nan 45kyèm minit, epi siyen yon double nan rankont lan.

PSG pran 3 gòl nan selman premye mitan, aprè poz la tou 2 ekip yo pat rive jwenn wout gòl la. Defèt sa mete plis pwoblèm nan ekip PSG, ki pral jwè nan Champions League la fas ekip Bayern nan san Mbappé epi yon Messi ki pa fin anfom ak yon pakèt lòt jwen ki gen malèz.

Paris Saint-Germain toujou genyen tèt klasman Ligue 1 an ak 54 pwen devan Monaco ki genyen 47 pwen.

Emmanuel Gabriel

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive