Lapolis mete men sou yon gwo kidnapè nan zòn Dèlma

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Photo : PNH
Nan yon nòt ki pibliye sou rezo sosyal yo, Lapolis nasyonal Ayiti fè konnen yo mete men jodi samdi 11 fevriye a, nan Dèlma 32, sou Alexandre Athazar ki se yon gwo kidnapè.
Nan kad yon operasyon kont kidnapin plizyè inite DCPJ mennen jodi samdi a, endividi sa ki idantifye sou non Alexandre Athazar ki te gen avi rechèch dèyè l depi plizyè mwa, jwenn arestasyon l nan Dèlma 32 pou enplikasyon l nan divès zak kidnapin.
Daprè otorite Lapolis yo, Alexandre Athazar enplike nan plis pase 12 ka kidnapin nan zòn metwopolitèn lan ki fè fòs lòd yo t ap chache l depi plizyè mwa.
Nan moman arestasyon sa, otorite Lapolis yo jwenn nan men endividi sa yon paspò ayisyen ak tout yon badj BSAP ki fèt sou non Alexandre Athazar, daprè sa ki di nan nòt sa ki pibliye sou paj ofisyèl PNH la.
Alexandre Athazar ki gen gwo akizasyon sou do l nan zafè kidnapin nan rejyon metwopolitèn lan, twouve l depi arestasyon l jodi samdi an nan gadavi annatandan swivi jidisyè yo.
Direksyon santral polis jidisyè k ap chache lòt konplis endividi sa, ankouraje tout moun ki ta viktim zak li yo pou pote plent nan kad swivi dosye sa ki pral gen pou transfere nan Pakè Pòtoprens.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.