Pase Matisan nan bis vin pi chokan pase vwayaje nan avyon 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pase matisan nan bis vin pi chokan pase vwayaje nan avyon 

Sa fè depi yon lane 4 mwa, koze pase nan rantre Sid kapital la a pou rann ou nan yon lòt depatman nan peyi a tounen yon fim djab, si pou anpil moun pase Matisan jan sitiyasyon an ye la a se yon chans yo genyen oubyen yon rezon pou jere ekonomi yo, pou sèten lòt se pi chokan pase monte avyon al Lèzetazini. 

Estrès, fristrasyon, lapenn, latranblad elatriye, ou pa fouti pa pran chòk sa a yo lè w pran lari pou w al regle penitans ou. Anviwon yon lane kèk mwa, se bandi ki gen kontwòl tout 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, zòn yo fèmen akòz yon batay ant gwoup gang Gran Ravin ak Tibwa yo, sou pretèks pou youn oubyen lòt jere plis tèritwa, sa a poko di anyen. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pase pran estasyon vil pwovens yo kou estasyon Pòtoprens yo tankou Pòtay Leyogàn, plas 43 elatriye…. Divès moun dakò riske lavi yo pase Matisan pou al regle tre yo, anpil fwa lè bandi yo sou move lè yo oubyen lè yo santi dwèt yo grate yo, pou san rezon yo gaye bal sou bis oubyen kamyonèt k ap pase nan katye pòv sila a. 

Anplis tire sou machin ki pran risk pase Matisan pou al chèche kote lavi fè kwen, 2 klan yo kreye yon mwayen kanmenm pou detripe ti resous fèb malere ak malerèz yo, chak bis k ap pase 

Matisan chofè a dwe bay yon montan lajan ak bandi yo a chak vwayaj, si kòb chofè a bay la pa danse pwent nen yo, yo monte machin nan, yo fouye tout pasajè ak zam nan men yo epi bay gwo presyon, yo konn menm kidnape moun nan sans sa a, yon sitiyasyon ki pa epanye vyòl sou fanm ak tifi tou. 

Pou estasyon plas Fontamara 43 a se diferan, bandi yo sèlman touche pri kous la a nan men tout chofè, egzanp si kous machin Okay koute 500 Goud, chak vwayaj chofè a dwe peye bandi yo k ap touche atè a 500 Goud, yo fè l konsa nan plizyè rakwen nan zòn Fontamara tankou, F43, F27, Nan rantre Ti Kajou, Tèt Mòn Ti kajou pou n site sa a yo sèlman.  

Pou trafik moto a, motosiklis yo peye yon montan 50 Goud chak maten, you n chak midi epi youn nan lasware si chofè a travay nan aswè, an total chofè moto yo peye yon montan 150 Goud pou yon jounen,  total kòb sa a peye pandan 3 kote,  » Fontamara 43, Kafou Modèl, Ti Kajou » sa a vle di, chak jou chofè moto a genyen an total 450 Goud ki pa pou li pou l peye bandi pou l fè trafik nan zòn nan kòmsadwa. Toutfwa, konsta yo montre bandi sa a yo pa kidnape moun, yo pa rantre nan machin mande moun lajan anba presyon ak zam nan men yo, se chofè yo yo gaspiye. Nan langaj pa yo a yo bay resèt yo pote non « MERI » chak chofè moto ak machin piblik dwe peye meri pou yo sove kous la a si non  » Si w pa peye y ap sizi moto nou oubyen machin nou, nou blije peye meri a paske se nan kondisyon sa a pou nou defann degouden, nou gen madanm nou gen pitit ». Te deklare yon chofè bis (pap padap) 

Se nan wout sa a yo, nan taktik sa yo, polisye, antreprenè gwo fonksyonè Leta sou machin vit tente yo ak plak gwo non pase pou al nan aktivite yo, pa gen yon mezi tout bon pou frennen mouvman sa a.  Yo fi n abitye avè l paske li pa deranje yo, okontrè anpil nan yo pa peye Meri a. 

Kisa a bandi yo fè ak lajan sa a yo ?  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se pandan peryòd afwontman yo men sòl sa yo tanmen nan ratre Sid kapital la, lè minisyon yo fini se ak kòb sa a yo, yo fè kòmand bal pou mete nan abri yo,  » Se sanse nou menm ankò ki achte bal pou yo, se sanse kòb nou ankò k ap tiye nou, lè nou pran bal mawon yo se kòb nou redi di pou li nou bay nan meri a ki tiye nou ankò », Yon chofè moto te pale konsa. 

Lè bandi yo kidnape kamyon gaz, ak kamyon machandiz se ant yo menm ankò yo fè dil yo pou abitan yo nan geto a vann nan mache pou yo, toujou nan menm kondisyon an, pou yo achte minisyon ak pi gwo mak zam yo ki sou mache a, zam menm lapolis enkapab pou achte. Enfòmasyon yo ta menm fè konnen pi gwo zam an Ayiti a se Krisla ki genyen l, yo rele l « Barèt » pafwa yo relel « Anba dra », paske se anba yon dra yo pote l tèlman li long, se avèk li yo desann nan gè lè bagay la a dejenere pou yo. 

Bandi yo vin pi pisan, taktik yo twò fò pou Leta a ak estrikti Polis Nasyonal la. Popilasyon an ki se viktim kle a, viv sitiyasyon yo avèk anpil estrès, abitan yo blije reziye yo viv jan bandi yo vle l la,  » sa ki mouri, zafè a yo » Bandi yo kontante yo nan manje lajan pèp la a nan move kondisyon anba gwo presyon ak menas, pandan se yo ankò k ap detwi lavi yo. Leta kontinye soumèt anba lwa bandi yo, Lapolis kòm estrikti sekirite ak lapè pa janm anpè paske bandi yo gen kontwòl tout mouvman yo, tout taktik yo, ata kontwòl ajan polisye yo bandi yo genyen paske chaje ladan yo se toutè gwo gwoup gang bandi. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.