« Yon wont pou dirijan nou yo », se deklarasyon Jean Renel Sénatus, aprè sanksyon Lèzetazini kont Joseph Lambert ak Youri Latortue 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon wont pou dirijan nou yo, se deklarasyon jean renel sénatus, aprè sanksyon lèzetazini kont joseph lambert ak youri latortue 

Ansyen Senatè Jean Renel Sénatus denonse inaksyon gouvènman ayisyen an aprè sanksyon peyi Lèzetazini te adopte kont Joseph Lambert ak Youri Latortue semèn pase a. 

« Yon wont pou dirijan nou yo », se deklarasyon ansyen palmantè. Mèt Jean Renel Senatus te reyaji jedi sa a sou sanksyon Lèzetazini ak Kanada  enpoze kont prezidan tyè Sena a, Joseph Lambert ak ansyen senatè Youri Latortue. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prezidan tyè Sena a ak ansyen Senatè Latibonit la pran sanksyon Lèzetazini ak Kanada.  Yo akize yo de patisipasyon nan trafik ilegal dwòg ak finansman gang. Moun sa yo k ap kidnape, vyole ak touye moun nan peyi a. 

Ansyen Senatè ki soti nan Lwès la fè konnen otorite ayisyen yo ta dwe mande transfè dosye moun sa yo pou yo ka mennen pwòp ankèt pa yo sou dosye sa a, tout pandan li di sanksyon sa yo jistifye nan ka ta gen vyolasyon lwa entènasyonal ak dwa moun. Sepandan, ansyen Komisè Gouvènman Pòtoprens la di Lèzetazini ka deside retire viza nan men moun yo vle. 

 « Trafik ilegal dwòg ak finansman gang, akizasyon kont Joseph Lambert ak Youri Latortue, se ofans kriminèl, »  te deklare Jean Renel Sénatus, tout pandan, li deplore silans otorite ayisyen yo fè sou 2 kesyon sa yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.