Peyi Etazini sanksyone 5 nouvo moun an Ayiti

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
peyi etazini sanksyone 5 nouvo moun an ayiti
Depatman Deta deziyen senk lòt moun ak sèt manm fanmi kòm sijè a restriksyon viza dapre Seksyon 212(a)(3)(C) Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite. Daprè otorite ameriken yo, Politik sa a gen konsekans pou ofisyèl ayisyen yo ak lòt moun ki enplike nan operasyon gang nan lari ak òganizasyon kriminèl ki menase mwayen pou viv pèp ayisyen an ak bloke èd imanitè vital nan peyi a.
Selon Sekretè Deta ameriken an, Antony J. Blinken, aksyon sa a voye yon mesaj klè konsènan angajman li pou kontinye elimine koripsyon, ak enfliyanse konpòtman move aktè ki melanje nan zak  kriminèl.
« Sa a pral fè 44 moun yo idantifye kòm sijè a restriksyon viza, daprè règleman sa a ki te premye anonse nan 13 oktòb 2022″, te presize Diplomat la, ki fè konnen Depatman Deta ameriken an kontinye idantifye moun ak manm fanmi  yo ki ka sijè a restriksyon sou viza dapre règleman sa a.  » Aksyon nou pran jodi a montre  gen konsekans pou moun ki ensiste vyolans ak ajitasyon nan peyi a », te souliye Antony J. Blinken
Mete sou sa, Mesye Blinken di, anplis deziyasyon adisyonèl sa yo te fè dapre seksyon 212(a)(3)(C), Depatman an te deziyen tou twa ofisyèl ayisyen, tankou Joseph Lambert ak Rommel Bell, dapre seksyon 7031(c), yon lòt otorite restriksyon viza.
N ap raple, nan mwa Novanm ak Desanm 2022, Etazini te deziyen kat sitwayen ayisyen ki se  Joseph Lambert, Youri LaTortue, Rony Celestin, ak Hervé Fourcand,  dapre Dekrè Egzekitif 14059, ki gen ladan tou sanksyon finansye ak restriksyon viza.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.