Radyo « Vision 2000 » kanpe sèvis li nan sousi pou egzige liberasyon jounalis Thony Lorthé

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
radyo vision 2000 kanpe sèvis li nan sousi pou egzige liberasyon jounalis thony lorthé
 Nan yon siy pwotestasyon, Radyo « Vision 2000 » chwazi kanpe sèvis li yo jodi vandredi 17 fevriye 2023 a, nan sousi pou egzige liberasyon Thony Lorthé, bandi ak zam te kidnape nan dat 3 fevriye pase a ansanm ak 2 pwòch li, pami yo yon frè l.
 Malgre Plizyè jounalis te pile beton an nan dat madi 14 fevrivye pase a, nan lide pou egzije liberasyon prezantatè jounal Kreyòl  » Rafrechi memwa » a , pou jis kounya pa gen okenn siy ki fèt bò kote neg san fwa ni lwa yo. Se pou rezon sa radyo « vision 2000 » deside sispann  akivite l yo jodi vandredi 17 fevriye a.
 « Pou tout sèvis yo rann sosyete a, nou kwè ak imilite nou menm, kolaboratè Jean Thony Lorthé, ak Radyo « Vision 2000″, nou gen obligasyon moral pou nou fè tout sa nou kapab, pou konfrè nou an ka jwenn libète »,se deklarasyon jounalis sal nouvèl  estasyon sila a, nan yon korespondans ki te adrese ak Direktè Jeneral Radio « Vision 2000 » lan.
 Ane 2023 a, kòmanse ak yon vizaj byen fennen, zak malonèt yo kontinye ap pwodwi chak jou BonDye mete sou teritwa nasyonal la. Nèg san fwa ni lwa yo kontinye ap enpoze lwa yo epi yo fè sa yo vle,  pèsòn pa epaye. Yon lòt bò otorite konsène yo pa janm di ni monte ni desann, alòske popilasyon an kontinye ap viktim san rete.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.