Achiv Nasyonal sispann travay aprè bandi kidnape yon anplwaye enstitisyon an 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
achiv nasyonal sispann travay aprè bandi kidnape yon anplwaye enstitisyon an 
Depi ayè mèkredi a genyen gwo tansyon nan zòn Delma 75 aprè anlèvman yon anplwaye Achiv Nasyonal d Ayiti (ANH) nan zòn Santo, komin Kwadèboukè. Plizyè kòlèg travay Chermeille Jean Brunel te bloke lari a an siy pwotestasyon pou mande liberasyon l. 
Ayè 1ye mas la, pandan genyen moun ki t ap jwenn liberasyon yo anba grif kriminèl ki te kidnape yo, gen lòt se apenn yo t ap met lapat sou yo. Se ka M. Brunel, nèg ak zam yo pa rive idantifye kidnape nan Santo nan moman l t ap pral travay.
Pou kounya anplwaye ANH yo anonse yo sispann travay, biwo yo pa p fonksyonèl toutotan kòlèg travay yo a pa jwenn liberasyon. Sitiyasyon sila ap genyen gwo enpak sou sèvis Achiv nasyonal ofri popilasyon an.
Deja ayè mèkredi a, yo te menm boule kawoutchou devan lokal enstitisyon an nan Delma 75, sa ki te lakòz sikilasyon an paralize pandan yon bon bout tan.
N ap raple, malgre divès operasyon lapolis la lanse kont gang yo nan kapital la, patikilyèman pou lane 2023 a ak operasyon Tornade-I, sa pa anpeche ensekirite a ap panpannen kò l tout kote sou teritwa a. Ka kidnapin ak fiziyad yo ap ogmante nan lakou Pòtoprens ak nan vil pwovens yo, pouvwa anplas la pa janm anonse yon seri mezi estrik pou konbat fenomèn sila ki pa sispann rann pi pòv sila li pase wè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.