Plis pase 170,000 Ayisyen rapatriye nan Repiblik Dominikèn

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plis pase 170,000 ayisyen rapatriye nan repiblik dominikèn

Sitiyasyon konplike peyi a ap fè fas la, kote gang ap zam yo okipe anpil teritwa nan Kapital peyi a, lavi chè ap taye banda, ak yon gwo pwoblèm sekirite konn fòse anpil sitwayen ayisyen kite peyi a yon fason ki ilegal pou al chèchè lavi miyò yon lòt kote, sa ki konn fè yo voye yo tounen. Se ka Gouvènman Dominiken an ki te ekspilse 171,000 sitwayen ayisyen an Ayiti nan lane ki sot pase a.

Daprè sa jounal lokal peyi vwazen an rapòte, kontrèman ak lane 2021 an, kote 85,000 rapatriman ayisyen te fèt nan Repiblik Dominikèn, pou lane 2022 a, gouvènman dominiken an te voye tounen 171,000 sitwayen ayisyen. Se Prezidan peyi Repiblik Dominikèn nan, Luis Abinader ki te anonse sa a, nan yon diskou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prezidan peyi vwazen an te presize pou l fè konnen pandan lane 2022 a, gouvènman Repiblik Dominikèn nan te fè 171,000 rapatriman konpare ak 85,000 ki te fèt nan lane 2021 an, sa ki reprezante yon ogmantasyon de 102%, tout pandan li te kontinye pou l souliye nan lane 2019 te gen 67,400 depòtasyon, e pou mete done yo nan pèspektiv, an 2011 te gen 8,636 Ayisyen ki te depòte.

Yon lòt bò, Luis Abinader mansyone Operasyon Fwontyè (Border), yon rezo kriminèl òganize ki dedye a trafik imigran ayisyen ki gen manm lame dominiken an ladanl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.