Cristiano Ronaldo pa vote pou rekonpans The Best FIFA 2022 an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
cristiano ronaldo pa vote pou rekonpans the best fifa 2022 an

Atakan potigè an ki te gen dwa vote kòm kapitèn seleksyon Pòtigal la nan dènye edisyon pri FIFA The Best lan, bay plas la ak ansyen patnè l nan Real Madrid epi konpatriyòt li, Pepe, ki vote pou rekonpans sa Lionel Messi ranpòte ayè lendi an.

Cristiano Ronaldo ki pa t pami finalis yo pou FIFA The Best 2022 an e ki pa t prezan nan seremoni an egalman, pa ranpli sa li te genyen kòm tach pou vote kòm kapitèn, nan pri sa ki rekonpanse meyè yo pou ane 2022 an kote atakan ajanten an, Lionel Messi, ranpòte l pou yon dezyèm fwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kepler Laveran ki te gen privilèj vote nan plas atakan potigè an pou pri The Best FIFA 2022 an, plase Kylian Mbappe premye nan klasman li an, devan Luka Modric ak Karim Benzema ki se youn aprè lòt dezyèm ak twazyèm.

Malgre sa, Lionel Messi genyen pri sa devan atakan fransè an ki te fè final nan dènye mondyal Kata a, Kylian Mbappé, epi Balon dò 2022 an, Karim Benzema, ki te rate Koup Dimond lan akoz li te blese.

Nan menm seremoni sa, FIFA rekonpanse antrenè ajanten an, Lionel Scaloni, kòm pi bon antrenè pou ane 2022 an, epi gadyen Aston Villa a, Emiliano Martinez, ki te desizif pou Albiceleste an nan Koup Dimond lan kote l te efase yon gòl nan dènye minit final la fas Kolo Muani kòm meyè gadyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.