Plis pase 1800 ayisyen rapatriye depi Bahamas pou ane 2022 an 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
plis pase 1800 ayisyen rapatriye depi bahamas pou ane 2022 an 

Daprè done ki sòti bò kote Depatman imigrasyon nan peyi Bahamas, plis pase 1800 siwtayen ayisyen ki te sou teritwa a oubyen ki t ap tante rantre nan peyi Bahamas, tounen Ayiti pandan ane 2022 a. 

Depi kòmansman ane an, imigrasyon nan peyi Bahamas pa sispann rapatriye ayisyen. Plis pase 1800 migran ayisyen ki t ap tante rantre ilegal nan peyi Bahamas tounen Ayiti, daprè done ki kouvri peryòd janvye rive 7 septanm 2022.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè done ki pibliye yo, sou total migran ayisyen ki rapatriye yo, imigrasyon voye tounen pou mwa janvye 2022 an, 320 migran ayisyen, 130 an fevriye, 499 pou mwa mas, 386 an avril, 225 an me. Avèk prensipalman yon bès sou twa dènye mwa yo, kote 20 ayisyen rapatriye pou mwa jen an, 29 an jiyè, 183 pandan mwa septanm lan, epi 51 sòti premye pou rive 7 septanm. 

Pandan kòmansman semèn lan, Fòs defans wayal Bahamas lan te fè konnen pou pi piti gen 2400 migran yo pran sou kot Bahamas yo depi janvye kote pifò ladan yo se ayisyen. Yon chif ki depase kantite migran yo pran sou twa dènye ane yo, daprè Nassau Guardian. 

Akoz sitiyasyon sosyopolitik yo k ap vin pi grav Ayiti chak jou pi plis, anpil ayisyen pa sispann pran bato pou kite peyi a pou ale chache yon vi miyò nan yo peyi etranje. Depi kòmansman ane a, Bahamas se youn nan teritwa nan karayib la kote anpil nan vwayaj ilegal sa yo ateri. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia