Pòdepè : Omwen 3 moun pran bal pandan mobilizasyon kont gouvenman an 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pòdepè omwen 3 moun pran bal pandan mobilizasyon kont gouvenman an 

Nan Carenage, yon katye nan Pòdepè, 3 manifestan soti blese ak bal pandan manifestasyon Mèkredi  7 septanm sa a. 

Daprè sa laprès lokal yo rapòte, manifestan yo te fouye yon gwo twou epi yon machin lapolis tonbe ladanl sa ki vin lakoz polisye yo facha anpil, epi yo louvri bal sou foul moun ki tap manifeste yo se konsa  twa (3) nan yo pran bal. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Twa (3) manifestan sa yo ki pa idantifye te ale lopital pou ye te kapab pran swen yo merite. Daprè enfòmasyon ki vin jwenn redaksyon nou an polisye sa yo ki tire sou popilasyon Port-de-Paix a ki tap manifeste fè pati kò ki rele « Brigade de Lutte contre le trafic des stupéfiants (BLTS) ». 

Nap raple, popilasyon  Port-de-Paix a te manifeste ayè mèkredi 7 septanm lan kont kriz gazolin an, ensekirite, monte dola a ak pou yo mande depa Premye Minis Ariel Henry nan tèt pouvwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.