Plis pase 10 800 akouchman fèt nan 11 premye mwa lane 2022 a nan lopital rezo piblik yo an Repiblik dominikèn, pi fò fanm ki fè pitit yo gen 20 pou rive 29 lane. Sou tout chif sila yo, 36,1% koresponn ak akouchman fanm ayisyèn yo.
Ministè dominiken Sante a tabli bilan akouchman li yo pou lane 2022 a rive jouk 12 desanm pase a, kote l fè konnen li anrejistre 10 mil 854 nesans nan divès etablisman ki genyen sou teritwa dominiken an, pami chif sila yo genyen sèlman 10 838 nesans ki fèt tou vivan.
Li konpile chif sila yo apati done li resevwa nan kèk sant ospitalye tankou Matènite Nuestra Señora de la Altagracia, Matènite pou timoun San Lorenzo de Los Mina, Matènite Dr. Reynaldo Almánzar. Sant sila yo epapiye sou tout teritwa a, e yo jwenn la yo 36,1% fanm ayisyèn ki vin akouche, epi 0,2% pou fanm lòt nasyonalite yo.
N ap raple sòti septanm 2021 pou al bout jen 2022, pousantaj akouchman fanm ayisyèn yo te sòti 33,6% pou desann 31,3%, aprè plizyè lopital an Repiblik dominikèn te kòmanse refize fanm ayisyèn yo swen sou lòd gouvènman dominiken an.
Sèvis Nasyonal Sante (SNS) aprè l te fin enfòme rejis li yo pandan peryòd sa, te raple devwa sant sante yo genyen pou te bay tout fanm swen san distenksyon, kèlkeswa estati imigrasyon l, ras li, elatriye.
Aprè chif akouchman fanm ayisyèn yo te desann ak 31,3%, pou fen lane 2022 a yo monte ak 36,1%.
N ap raple, pi fò etablisman sante kote akouchman sila yo fèt la, sitiye yo nan kominote ki pre zòn fwontyè Ayiti ak Repiblik dominikèn yo, la yo plis fanm ayisyèn akouche pase dominikèn yo.
Facebook Comments