Enspektè divizyonè Gary Desrosiers ki se pòt pawòl enstitisyon Lapolis la fè konnen, nan yon konferans pou laprès ki te òganize nan dat 6 desanm ki sot pase a, genyen 82 polisye ki nan prizon.
Pòt pawòl la ki t ap pale sou ansanm dosye k ap trete nan nivo enspeksyon jeneral Lapolis la aktyèlman yo fè konnen nan 82 polisye sa yo ki nan prizon an genyen 7 ladan yo ki deja kondane.
Sou kesyon polisye Jean Josué Clotaire moun plis konnen sou non Kondagana, enspektè Gary Desrosiers fè konnen Enspeksyon jeneral Lapolis la bay rekòmandasyon pou revoke l aprè non l te fin site kòm otè lanmò yon sitwayen nan kapital la.
Konsènan dosye jounalis Romelson Vilsaint ki te mouri nan komisarya Dèlma 33 a nan dat 30 oktòb pase a, Pòt pawòl Lapolis la fè konnen Enspeksyon jeneral deja tande plizyè polisye ak temwen zak sa. Enspektè Gary Desrosiers fè konnen egalman Enspeksyon jeneral ap gen pou pibliye nan yon tan ki pa long rapò ankèt li sou dosye sa.
Sou bilan Lapolis la pou mwa septanm rive novanm, nan ansanm jiridiksyon yo, enspektè Gary Desrosiers deklare gen pou pi piti 40 bandi ki mouri nan echanj kout zam ak Lapolis ak plis pase 1550 ki jwenn arestasyon yo. Genyen egalman yon dizèn zam ak anpil katouch ki sezi, daprè Pòt pawòl Lapolis la.