Mondyal 2022: Cristiano Ronaldo bay esplikasyon sou koze  »li te vle kite seleksyon an »

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mondyal 2022 cristiono ronaldo bay esplikasyon sou koze l te vle kite seleksyon an  

Aprè seleksyon pòtigal la te fin kraze ekip Swis la nan uityèm final (6-1) samedi pase a, san Ronaldo paske l te sou ban. Record, ki se yon medya nan peyi Pòtigal te fè konprann sipèsta potigè a te vle kite seleksyon an paske l pat kòmanse match la. Pou ansyen jwè Manchester United la, se yon gwo manti medya a fè sou li.  

Ekip Pòtigal la ap konpòte l byen pou mondyal la nan peyi Kata, Aprè l te fin imilye jwè Swis yo, jwè Fernando Santos yo pral toke kòn yo ak ekip Mawòk la k ap make listwa pou 22yèm edisyon mondyal sa. Medya Record,  te anonse Cristiano Ronaldo ap kite seleksyon an paske l pat kòmanse rankont lan fas ekip Swis la. Yon enfòmasyon Federasyon pòtigal la demanti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè tout istwa sa yo, jwè ki ranpòte 5 balon dò a soti nan silans li pou l fè konprann gwoup la soude epi ini.   

 »Nou se yon gwoup ki ini, pa gen okenn fòs k ap antre k ap ka desoude nou. Nou gen yon nasyon ki gen anpil kouraj. Yon bon ekip k ap batay pou rèv li jiskobou!  

Ede nou kwè, an n ale Pòtigal! »

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive