Plizyè animatè estime anpil gwoup mizikal ak atis ayisyen manke kreyatif sou sèn, apre 16yèm edisyon « La Nuit Des Jeunes » lan

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
plizyè animatè estime anpil gwoup mizikal ak atis ayisyen manke kreyatif sou sèn, apre 16yèm edisyon « la nuit des jeunes » lan

Mank kreyativite atis ayisyen yo nan pèfòmans yo sou sèn se yon sijè k ap jenere pi plis deba nan milye kiltirèl ayisyen an. Malgre Ayiti rekonèt pou istwa kiltirèl ak atistik rich li, kèk kritik fè konprann anpil nan atis ayisyen yo manke orijinalite nan pèfòmans yo sou sèn ak manke inovasyon, pami yo Carel Pedre, Jean Mary Simon, Gandhi Le Metronome, pou n site sa yo sèlman ki t ap patisipe nan yon espas sou Twitter, dimanch 26 mas la apre 16yèm edisyon « La Nuit des Jeunes Lan ».

Kèk nan pwoblèm animatè yo te idantifye pandan evènman « LNDJ » ane sa a enkli repetisyon nan menm tèm ak motif nan espektak yo, manke divèsite nan estil mizik yo ap jwe yo, gwoup ak atis solo yo anpil fwa pa chante ak jwe mizik yo byen, gen kèk atis ak gwoup mizikal ki repwodui menm melodi ak estil mizik yo souvan jwe deja nan lòt espektak, pa gen show, yo pa pote kreyativite ak style nan pèfòmans yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou Carel Pedre « Line up LNDJ ane sa a te solid anpil. Men Meskinri endistri gaspiye li. M kwè Atis nou yo pa souvan reflechi a kisa ki nouvo yo ka pote pou bay piblik la yon lòt eksperyans. Ekip Jaz Enterprise la monte show a pou li te youn nan pi bèl LNDJ. Domaj. Men prestasyon Live yo pa bay piblik la yèreswa:

– Kaï & Kenny – Mafia

– Kaï & Rutshelle – Kansè

– Kaï & Bedjine – Koupab

– Rutshelle & Oswald – Rete la remix »

Pi lwen PDG chokarella te endinye pou l di « O final map mande tèt mwen pouki atis yo fè kolaborasyon? Smh »

Malgre sa li enpòtan pou n soulinye gen kèk atis ayisyen ak gwoup mizikal yo te fè lwanj pou kreyativite yo ak orijinalite yo nan pèfòmans yo sou sèn, tankou Wid, Mikaben, Carimi, T-Vice, Zenglen (Gracia Delva) Nu-Look poun site sa yo sèlman, men sa pa rive souvan. Rezon ki fè mank kreyativite sa a konplèks e yo ka gen ladan yo faktè tankou mank resous ak sipò pou atis, osinon presyon nan pwodwi pèfòmans komèsyalman solid.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan entèvansyon pa l la Jean Mari Simon estime pwoblèm lan anpil fwa soti nan pwomotè yo ki pa gen resous pou  espektak yo, anpil fwa pa gen direktè atistik daprè li menm.

Entèvansyon Ghandi Le Metrenome lan te ale bò kote piblik la daprè li men ki renmen menm bagay yo, piblik ayisyen an pa egzijan daprè li menm nan mande atis yo pi kreyatif nan pèfòmans sou sèn yo.

DJ K9 bò kote pa l te eseye fè diferans ant yon konsè ak yon bal, paske li estime evènman yo kòmanse two ta sa pou li menm lakoz atis solo yo ak gwoup mizikal yo pa gen ase tan pou yo ta kreye yon espektak ki gen divèsite ak kreyativite.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li enpòtan pou n rekonèt kreyativite se yon kalite esansyèl pou pèfòmè, e san li pèfòmans atis ak gwoup mizikal yo riske vin monotone ak previzib. Pou ankouraje kreyativite nan mitan atis ayisyen ak gwoup mizikal yo, li nesesè pou n kreye yon anviwònman ki ankouraje inovasyon ak eksperimantasyon.

Sa ka pote devlopeman pwogram fòmasyon pou atis yo ak sibvansyon pou sipòte kreyasyon atistik, pwomosyon espas kote atis yo ka rankontre ak kolabore pou devlope nouvo lide atravè lòt peyi.

Finalman, li enpòtan pou nou rekonèt kreyativite se yon pati kle nan kilti ayisyen an e atis yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan prezève ak devlope kilti sa a. Lè nou travay ansanm pou ankouraje inovasyon ak orijinalite lakay atis ayisyen yo, nou ede asire vitalite ak divèsite kilti ayisyen an pou jenerasyon k ap vini yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia