Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) kontinye konte viktim ensekirite nan ran li yo. Alòske l te anonse l dejwe plizyè zak kidnapin dimanch 26 mas pase a, li resanse youn nan kan li swit ak anlèvman Virginia Mali Plaisime, devan lokal “Université de Technologie d’Haïti” (UNITECH).
Wi, pami prèske 10 ka kidnapin ki resanse nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan dimanch pase a, genyen yon polisyè pami viktim yo. Bandi ak zam mete lapat sou Virginia Mali Plaisime, nan Avni N, alòske l te abò yon machin ISUZU imatrikile IT 0063, akonpaye ak yon lòt moun yo idantifye kòm Yasser Apollon.
Plizyè moun ki konnen ajan an tanmen yon gwo mobilizasyon pou mande liberasyon l san pran tan. Sou rezo sosyal yo, plizyè moun temwaye an favè Virginia pou mande otè zak yo libere li san pran tan ak tout lòt moun ki te akonpaye li a.
« Vivi se moun tout moun, li pa konn nan afè moun. Libere l souple » : se kri dezespwa yon pwòch viktim nan voye bay otè zak yo
Malgre anlèvman polisyè a, PNH la pa pibliye okenn nòt sou paj Facebook li pou konfime dram nan, menm jan sa toujou fèt lè bandi ak gwo zam fann fwa mete lapat sou polisye epi kidnape yo. N ap pwofite raple, pou mwa mas la, se omwen 5 polisye bandi kidnape nan kapital la Pòtoprens.
Facebook Comments