Vis prezidan Komisyon ewopeyèn nan dakò pou yon entèvansyon entènasyonal fèt an Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
vis prezidan komisyon ewopeyèn nan dakò pou yon entèvansyon entènasyonal fèt an ayiti

Wo reprezantan Inyon ewopeyèn pou Afè etranje ak politik sekirite, Josep Borell di li dakò pou yon entèvansyon entènasyonal ta fèt nan peyi d Ayiti nan lide pou ede l sòti nan sitiyasyon dramatik l ap travèse aktyèlman an.

Vis prezidan Komisyon ewopeyèn nan fè deklarasyon sila swit ak yon chita pale avèk prezidan dominiken an, Luis Abinader, ayè lendi 27 mas la aprè yo te fin patisipe nan 28yèm somè ibewo ameriken an, ki fini samdi pase a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Responsab la te tou pwofite fè M. Abinader konnen li soutni tout aksyon gouvènman dominiken an ap mennen pou peyi d Ayiti ka reprann ray li. M. Josep Borell dekri peyi d Ayiti kòm « yon kote dwa moun toujou vyole an pèmanans ».

Pandan l t ap fè lwanj pou kwasans Repiblik dominikèn pandan dènye ane sa yo, reprezantan Inyon Ewopeyèn nan te deklare : “Nou konnen Repiblik dominikèn gen yon vwazen ki konplike ak difisil anpil, epi yo abize dwa moun la an pèmanans e nenpòt inisyativ ou pran nou pral sipòte li. Paske Ayiti bezwen entèvansyon entènasyonal la pou pèmèt moun sa yo soti nan sitiyasyon trajik yo ye a.”

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.