Plizyè konpatriyòt Ayisyen ki fè pati dyaspora a nan peyi Lèzetazini konte foule beton an nan Wachinnton pou mande gouvènman ameriken an pran responsablite l nan kriz aktyèl la k ap ravaje teritwa ayisyen an depi plizyè lane.
Nan yon lèt, Kowalisyon Òganizasyon Ayisyèn Dyaspora Atravè Mond lan, bay tout moun randevou devan Mezon Blanch, nan Wachinnton DC, 21 jiyè k ap vini la.
Òganizatè yo swete fè vwa yo pase byen fò nan moman yo pral tou pwofite denonse enplikasyon Kominote entènasyonal la nan enpas Ayiti twouve l aktyèlman an – yon peyi ki tonbe anba pouvwa gang k ap teworize moun nan tout rakwen, lavi chè, grangou ak chomaj, elatriye.
Kowalisyon an di li kwè ak fèmte Kominote entènasyonal la ap jwe yon jwèt kriminèl ak pèp ayisyen an. Yo mande pou tout moun ini yo pou vin fè vwa yo pase devan Mezon Blanch.
“Antanke nasyon, nou soufri anba enfliyans kominote entènasyonal la, e sa dwe sispann”, se sa nou ka li nan yon kopi lèt la ki rive jwenn redaksyon nou.
N ap raple depi lane 2022, kominote entènasyonal la tanmen divès reyinyon sou dosye Ayiti a nan lide pou wè si yo ka adopte divès mezi pou reponn ak kriz la, men jiskaprezan anyen pa janm fèt. Nan Nasyonzini, plizyè peyi tankou Lèzetazini, Kanada, Lafrans, Repiblik dominikèn ap denonse kondisyon vi aktyèl la pa bò isit, men okenn mezi poko janm antre an vigè pou pèp la ka rale yon souf anba ensekirite a patikilyèman.
Facebook Comments