Anpil Ayisyen pran gwo kou nan men CQR

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anpil ayisyen pran gwo kou nan men cqr

Cryptocurrency Quant Robot (CQR) anpil moun t ap prezante kòm lamàn ki sòti dirèkteman nan syèl la sispann fonksyone depi byen bonè jedi 20 avril la kote pyès itilizatè pa gen aksè ak kont yo oubyen monte sou platfòm lan.

Depi plizyè mwa, toupatou nan peyi an se te yon kesyon de CQR. Platfòm kripto sa ki te ofri itilizatè li yo posiblite pou kapab rantre yon kantite lajan chak jou apati divès plan envestisman li te pwopoze pou moun ki vle entegre platfòm lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

CQR ki ta pral benefisye yon gwo kanpay piblisite nan kominote ayisyen an depi kòmansman ane a, te reyisi enpoze l kote plizyè milye Ayisyen nan espas tan sa rive envesti ant 35 jiska anviwon 500 dola ameriken nan lide pou kapab jwenn avantaj platfòm sa te ofri yo.

Sou tout rezo sosyal yo, depi aprè remak sou disfonksyonnman sit entènèt platfòm CQR la, anpil plenyen ap fèt kote gen moun ki te envesti gwo kantite lajan e ki pa menm gentan rantre menm yon dola nan envestisman yo an.

Si pou yon gwoup moun difikilte pou monte sou platfòm CQR la se jis yon pwoblèm sistèm kote gen pase men k ap fèt ladan l, se diferan pou yon seri lòt ki kwè jiskaprezan se mato responsab yo bay kominote ayisyen an ki te livre yon bon pati nan yo menm nan platfòm sa.

Sou menm lanse sa, genyen yon kominike nou pa anmezi otantifye ki kòmanse ap sikile sou rezo sosyal yo pou fè konnen gen pase men k ap fèt sou sit entènèt platfòm lan nan lide pou kapab pi byen sekirize platfòm lan nan echanj kripto k ap fèt sou li yo.

N ap mansyone, depi rive platfòm CQR lan, anpil moun te toujou pa fè l konfyans akoz pa t gen okenn estati legal ki pwoteje itilizatè yo, ni otorizasyon fòmèl Leta ayisyen pou li te kapab fonksyone. Majorite itilizatè yo te konnen envestisman yo an te riske.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.