Yon nouvo manda prezidansyèl pou Miguel Diaz-Canel nan peyi Kiba

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon nouvo manda prezidansyèl pou miguel diaz canel nan peyi kiba

San sipriz, Miguel Diaz-Canel pran yon lòt manda kòm prezidan peyi Kiba aprè eleksyon yo nan sifraj asanble nasyonal la kote l genyen plis pase 97% vòt yo.

Chèf Leta kiben an ki gen 62 lane, eli pou yon dezyèm fwa nan tèt peyi Kiba aprè eleksyon yo nan asanble nasyonal la ki òganize ayè mèkredi 19 avril la kote 459 depite sou 470 vote anfavè li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avèk nouvo manda sa ki se egalman dènye li nan tèt peyi Kiba, Miguel Diaz-Canel deja anonse nan diskou envestiti li an li pral travay pou rezoud pwoblèm inefikasite yo nan peyi an, ogmante òf byen ak sèvis yo epi konbat enflasyon an.

Chèf Leta kiben an, depi 2018, vini kòm premye sivil ki pran tèt Kiba aprè prezidans frè Cadre yo, Fidel ak Raul ki t ap dirije peyi an depi aprè viktwa revolisyon 1959 lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.