Ayè lendi 3 Oktòb la te dwe dat ouvèti lekòl yo sou tout teritwa, malerezman li pat posib akòz divès mouvman pwotestasyon ki genyen nan peyi a kont rejim Tèt Kale ki sou kòmand Ariel Henry pou kounya.
Menm jan ak lòt jou yo, sikilasyon an toujou rete paralize akòz pa gen machin ki pou asire trafik woutye a. Toutfwa anpil chofè moto ap eseye asire trajè a nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, men anba anpil presyon.
Si nan yon premye tan yo te konn jwenn lib aksè pou yo fonksyone pandan kriz la, pou kounya se lòt koze akòz manifestan pran yo pou sib ak tout pasaje yo.
Wi, nan zòn Delma 30, 34, 40, 83 ak Delma 60 anpil chofè moto viktim anba chaplèt moun ki kanpe dèyè barikad yo oubyen k ap manifeste.
Baton, wòch, boutèy ak fil kouran nan men yo, yo te kanpe mezi chofè moto taksi yo te kwaze sou wout epi agrese yo. Pasaje yo, yo menm fè yo desann moto yo epi kouri anba anpil presyon, pafwa kout wòch.
Pwotestatè yo te menm ap chante depi yo kwaze yon chofè moto, y ap fè pasaje a ale epi y ap bay chofè a “Bwa Kale”, yon fason pou di y ap bat li.
Depi mouvman pwotestasyon yo nan kapital la Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens, sitiyasyon an vin pi difisil pou moun ale nan aktivite yo kòrèkteman. Anplis wout yo ki bloke, pou w pase nan yon seri zòn fòk ou veye pou w pa viktim swa ransonaj, vòl ak agresyon, elatriye.
Facebook Comments