Plizyè konsila dominiken an Ayiti manke pase anba dife 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
plizyè konsila dominiken an ayiti manke pase anba dife 

Nan mouvman pwotestasyon ki t ap òganize nan plizyè vil nan peyi an pandan jounen 18 novanm lan, 2 konsila dominiken manke pase anba flanm dife kòm repons ak depòtasyon an mas otorite yo an Repiblik Dominikèn ap fè kont ayisyen dènye semèn sa yo. 

Moun yo pa rive idantifye te tante, vandredi 18 novanm lan, mete dife nan konsila dominiken ki nan Okap la ak youn ki nan vil Wanament. De tantativ ki pa t reyisi akoz entèvansyon rapid Lapolis ak ponpye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manifestan yo nan vil Okap te mete dife nan baryè prensipal konsila dominiken ki nan vil la, dezyèm pi gwo konsila dominiken ki nan peyi a. Yon dife ki pa t gentan pwopaje gras ak vijilans fòs lòd yo ki te reyisi etèn dife a epi gaye manifestan yo. 

De atak ki fèt prensipalman pou bay repons ak depòtasyon an mas k ap fèt sou teritwa dominiken an kont ayisyen k ap viv lòtbò fwontyè a daprè temwanyaj plizyè nan manifestan yo. 

N ap raple depi kòmansman mwa a, Direksyon jeneral migrasyon nan peyi Repiblik Dominikèn entansifye rapritriman ayisyen san papye sou teritwa dominiken an kote yo depòte ant 800 jiska 1000 ayisyen chak jou. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.