Plizyè polisye pran lari pou denonse lanmò 6 polisye yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : Haiti Info Pro Polisye Fantom 509 yo nan lari Pòtoprens desanm 2020

Plizyè polisye ki regwoupe divès twoup nan PNH la pran lari maten jedi 26 janvye 2023 a, pou pwoteste kont lanmò 6 polisye yo andedan katye Lyankou, depatman Latibonit ayè aprè midi 25 janvye 2023 a. Plizyè zòn nou te pase pa t aksesib, polisye an sivil kou inifòm te enpoze yo nan lari a. 

Lanmò 6 polisye yo ayè 25 janvye a anba men plizyè bandi san manman ki ta fè pati « Baz Gran Grif » yo lakòz gwo lapenn nan pitan enstitisyon fòs lòd peyi a,  aprè zak bandi Vitelhomme yo te fin fè sou 3 polisye komisarya Petyonvil la, 6 lòt polisye konplete lis la, yon dram ki leve plis sou do polisye yo granm bonè maten 26 janvye a. Plizyè zòn nou te siyonnen te bloke maten an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Soti kafou pou monte pòtay se anba anpil difikilte, kawotchyou t ap boule plizyè barikad te bare rive depi Fontamara 43 

Pa gen machin k ap chaje Pòtay pou monte lali ak Petyonvil, plizyè kote bloke, nan chak kwen se yon gwoup nèg ak zam ki bare yo, nou te prezante badj nou pou n te jwenn aksè travèse barikad yo, daprè sa yo te di nou, » yo se polisye ki abiye an sivil » 

Yo se plizyè polisye ki fè pati plizyè twoup diferan, kagoul nan figi, se kèk grenn ki ak inifòm PNH sou yo, yo mete dife nan plizyè kawotchyou nan chak rakwen yo pase epi monte barikad 17 wotè, yo tout ap defile sou moto, yon revandikasyon ki sanble tèt koupe ak aksyon Fantom509 yo. 

Trafik yo sanse paralize, machin yo pa chaje, moun oblije pran l a pye, plizyè lekòl blije ranvwaye epi voye timoun yo lakay yo paske pita ka piblal. Malgre sa se anba estrès moun yo ap mache, sila yo k ap veye anlè kou anba, paske ak nenpòt moman yo pè pou pa gen yon deblozay. 

Kèk zòn ki bloke  

Kafou, Bò estad Sylvio Cator, Bò lopital Jeneral, Chann Mas, ri Chavàn, Tijo, Lali, Kanapevè ak anpil lòt ankò.  

Daprè enfòmasyon kèk machann bò lopital Jeneral konfye nou nan yon ti bat bouch nou te gen ak yo, nan aprè midi mèkredi 25 janvye a plizyè nèg ak zam kidnape yon moun ki t ap pase, machann yo ki pa gen twòp detay sou ka kidnapin nan fè konnen, yo pa santi yo an sekirite atè bò lari a paske lavi yo ekspoze san okenn siveyans Leta. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, se yon mobilisasyon polisye yo fè ki blayi kò l prèske nan tout zòn yo nan metwopolitèn Pòtoprans lan, nan sousi pou denonse lanmò malonèt 6 polisye yo anba men atoufè san fwa ni lwa yo. Kesyon n ap poze, Èske se yon revandikasyon boule kawotchyou bloke peyi ki solisyon an, oubyen ilitize plis estrateji nan nivo sekirite peyi a pou mete yon fren ak tentennad sila a ?   

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.