Plizyè pwodiktè mande Luis Abinader revoke mezi ki anpeche yo vann ze ak peyi d Ayiti a kòz defisi

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè pwodiktè mande luis abinader revoke mezi ki anpeche yo vann ze ak peyi d ayiti a kòz defisi
Apenn ekzekitif dominiken an pran desizyon pou sispann ekspòte ze nan peyi d Ayiti pandan 15 jou, plizyè pwodiktè pwodwi sila pran mikwo laprès pou denonse mezi a epi mande prezidan Luis Abinader revoke l prese prese.
Manuel Escaño, ki reprezante pwodiktè ki òganize yo anba Asosyasyon nasyonal pwodiktè ze yo (Asohuevos) mande yon “retrè imedya” desizyon sila k ap dire 15 jou swit ak demand Ministè Agrikilti a ak Direksyon jeneral Dwàn yo.
« Nou pwodwi plis pase 8 milyon ze pa jou, ladan yo gen 20% ki dwe al vann sou mache ayisyen an, e sa ap fèt pandan plizyè dizèn lane. Mezi san reflechi sa, ki pa jis, otorite yo pran, li frape sektè a pou mete l an danje e li kapab menm disparèt », se deklarasyon pwodiktè a.
Nan yon videyo, Escaño esplike ti pwodiktè yo ap fè fas ak yon kriz depi kèk tan « yo pa p ka sipòte yon sitiyasyon konsa ».
Li mande pou prezidan dominiken an pwononse l san pran tan sou sitiyasyon an nan lide pou « anpeche aparèy pwodiktif nasyonal la fè fayit, pou pwoteje l epi garanti sekirite alimantè Repiblik dominikèn ».
Se ayè jedi 5 janvye a, prezidan dominiken an Luis Abinader te anime yon konferans kote yo te bay anons sispansyon ekspòtasyon ze dominiken yo nan peyi d Ayiti pandan yon peryòd 15 jou, pou evite pri yo ogmante epi garanti yo mache dominiken gen ase ze nan pwovizyon l.
N ap raple kèk tan gen yon konfli komèsyal ant Repiblik dominikèn ak Ayiti. A plizyè fwa gen komèsan dominiken ki deklare peyi d Ayiti depann de plizyè manje ak lòt bagay yo pwodwi. Toutfwa lè fwontyè ant 2 peyi yo fèmen, plizyè nan yo souvan (toujou) plenyen akòz defisi yo fè tankou manje ki gate, oubyen lòt defisi yo fè ki lye ak pwodwi derive yo, atik menaje, elatriye.
Si Repiblik dominikèn ekspòte 20% ze sou mache lokal la, èske sispansyon sila, si l kontinye pa p afekte peyi d Ayiti nan nivo konsomasyon? Konsa tou èske l pata dwe sèvi yon pòt ouvèti pou pwodiktè ayisyen ogmante pwodiksyon nasyonal la epi pèmèt mache ayisyen an pa depann de ze dominiken yo?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.