Pòt lagras la pral fèmen, pwogram imanitè Joe Biden nan pou migran yo menase

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pòt lagras la pral fèmen, pwogram imanitè joe biden nan pou migran yo menase

Yon nouvèl ki lakòz genyen anpil kè kase pa bò kote konsène yo, patikilyèman nan peyi d Ayiti : administrasyon Biden-Harris la kòmanse rankontre difikilte nan pwogram “Humanitarian Parole” li a ki t ap pèmèt 30 mil migran nan 4 peyi rantre lakay li legalman.

Nouvèl la tonbe tankou yon kout zèklè, genyen anviwon 20 Eta Ozetazini pa danse kole ak plan Depatman Sekirite Enteryè Etazini an (DHS), ki vle ofri 30 mil moun ki sòti Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela, posiblite pou yo rantre Ozetazini legalman kòm migran epi asire avni yo, si yo kalifye.
Eta sila fè konnen y ap pouswiv DHS pou pwogram Pawòl Imanitè a, daprè yo menm, ki vyole lwa federal teritwa ameriken an sou imigrasyon an, sa ki kapab mete yon limyè wouj devan tout pwosesis la epi anile li.
Florid, Teksas, Alabama, Alaska, Arkansas, Idaho, Kansas, Kentucky, Louisiana, Misisipi, Montana, Nebraska, Ohio, Kawolin di Sid, Tenesi, Utah, lwès Vijinya, Wyoming, se non plizyè eta ki pa vle wè “Humanitarian Parole” Joe Biden nan abouti.
Swit ak nouvèl sa anpil moun kòmanse plenyen oubyen ap lanse pawòl piman bouk, patikilyèman sou rezo sosyal yo. Si genyen ki pran anons sila pou fè blag avèl, gen lòt tout espwa yo te repoze sou li pou avni pitit yo ak fanmi yo.
N ap raple dènyèman pou te rann migran ki kalifye yo rantre Etazini pi fasilman, lokatè Mezon Blanch lan te lanse yon lòt pwogram li te batize “Welcome Corps”.
Gouvènman ameriken an atravè Depatman d Eta te anonse jedi 19 janvye a li inisye yon nouvo pwogram nan plan li yo k ap pèmèt refijye k ap rantre Ozetazini kapab fè sa san difikilte avèk sipò yon sitwayen ameriken.
“Welcome Corps” (Kò dakèy nan lang kreyòl), t ap pèmèt sitwayen ameriken yo fè migran rantre sou teritwa ameriken an san difikilte pandan y ap patwone yo, san yo pa bezwen sipò pyès ONG oubyen asosyasyon. Pou kounya tout pwogram sila yo san lè tonbe nan dlo !

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.