Pòtoprens, yon kapital kote zak asasinay ak kidnapin pa janm pran vakans

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pòtoprens, yon kapital kote zak asasinay ak kidnapin pa janm pran vakans
Pòtoprens, kapital peyi Dayiti, ap konfwonte nan dènye ane sa yo ak yon grav pwoblèm vyolans, krim ak ensekirite, sitou konsènan asasina ak kidnapin ki pa janm pran vakans depi kèk tan nan peyi a.
Pwoblèm sa yo ka gen kòz konplèks, tankou povrete, koripsyon, tansyon politik, vyolans gang ak lòt faktè.  Men sepandan, pwoblèm sa yo pa limite sèlman nan Pòtoprens, men yo prezan tou nan lòt rejyon an Ayiti.
Vrèman vre, nan zòn wout Frè ak Fò Jacques, abitan yo dezespere akoz prezans bandi ak zam yo k ap sikile nan zòn sa yo. Imaj chokan yo montre plizyè moun ki mouri epi ki boule sou wout la.
Mete sou sa, gang ak zam touye 3 moun ki te nan yon machin lendi maten sa nan Tinèl (Tunnel) yon katye nan Komin Petyonvil.  Apre krim yo, malfwa yo te mete dife nan kadav viktim yo, daprè sa radio Métronome rapòte.
Se sak fè,  popilasyon Ayisyèn lan mande pou otorite Ayisyèn yo, ansanm ak kominote entènasyonal la, travay ansanm pou jwenn yon solisyon dirab pou amelyore pwoblèm sekirite  a ak byennèt sitwayen yo nan sosyete a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.