Pou Matris Liberasyon akò Montana a se dènye chans pou peyi a soti nan kriz li ye la 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pou matris liberasyon akò montana a se dènye chans pou peyi a soti nan kriz li ye la 

Matris Liberasyon nan yon kominike pou laprès  li pibliye madi 4 oktòb 2022 a koube I byen ba devan kouraj popilasyon an kap madebat  anba chay mizè, represyon, kidnapin ak krim k ap fè I monte lesyèl pa do a. Estrikti sa tou fè konnen akò Montana a se dènye chans pou peyi a soti man kriz li ye a.  

Nan kominike sila, Ekip Matris Liberasyon an di li boulvèse anpil lè I ap konstate tire kòd k ap fèt nan laprès parapò ak grenn rezèvwa ki charye lespwa popilasyon an pou l pa tonbe nan twou san fon. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Anplis soufrans, monte gaz san limit, move kondisyon lavi, chomaj, ensekite, KOLERA, gouvenman ki pa vle louvri lekol;  se bri konplo 7 tèt BINUH kap klewonen pou etenn tout ti etensèl limyè lespwa », ekri estrikti politik ansyen senatè Antonio Chéramy, limenm ki fè konenn kòd lonbrik li mare ak yon sel konba : « Batay pou pi bon kondisyon lavi ak jistis pou pèp Ayisyen an ». 

Nan sans sa, Matris Liberasyon di li fè apèl ak serenite ak inite nan mitan ELI YO, tout konpozant Montana yo, pou yo kontinye fe yon blòk solid, epi kore batay popilasyon kap toufe anba pouvwa twazyèm vèsyon PHTK, tout pandan la mande popilayson an pou yo raple yo se nan tèt kole zansèt  yo te rive kase chenn lesklavaj.  « Sèl  yon bon tèt kole ka pèmèt nou rive chavire pouvwa konze ak trèt sa yo, pou peyi a ka respire », te soutni estrikti sa. 

Se sak fè, Matris Liberasyon di Pwojè 30 Dawou akò Montana se youn nan dènye zèl kat ki makonen ak batay  popilasyon an pou libere anba pwojè mafya  yo ki deside enstale yon Kawo total nan kapital nan peyi a. 

Yon lòt bò, Estrikti politik  la te  voye SOLIDARITE li ak tout militan ki retwouve yo dèyè bawo nan Kad militans yo pou lavi miyò, pami yo, yon militan konsekan tout moun konnen sou non BAB.  Matris fè konne li rete kwè pyes moun, pa dwe ap sibi pèsekisyon politik. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.