Categories: AN KREYÒL SANTÉ

Poukisa li enpòtan pou w konnen gwoup sangen ou ?

Share

Yon gwoup sangen se yon klarifikasyon ki baze sou prezans oswa absans sibstans antijenik, chak moun eritye sou sifas selil san yo. Antijèn sa yo ka pwoteyin, idrat kabòn, glikoproteyin oswa glikolipid, tou depan sistèm gwoup san an, ak kèk nan antijèn sa yo ki prezan tou sou sifas lòt kalite selil nan yon tisi diferan. Genyen divès kalite gwoup sangen nan sistèm nan. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Daprè plizyè enfòmasyon, genyen gwo danje lè yon moun pa konn gwoup sangen l, sitou nan kesyon relasyon. Lè 2 moun chwazi met tèt yo ansanm pou yo fè ti moun li vrèman nesesè pou yo konn gwoup sangen yo, paske se pa tout moun ki konpatib. Se sak fè pafwa ou konn remake kèk timoun ki entatad, li konn rezilta 2 moun ki pa konpatib. Ou ka toujou renmen yon moun poutan ou pa ka fonde yon fanmi avèl. Epi si tout fwa ou ta malad vin malad yo pa ka ba w nenpòt san. 

Pou nou te kapab fè plis limyè sou sijè sa a, Netalkole Media te fè yon ti pale ak Mis Jeanty Schmide. 

” Li enpòtan pou tout moun konn gwoup sangen yo, menm janm chak sitwayen gen yon kat idantite. Lèw konn gwoup sangen w ou ka fè plis pridans epi siw ta vin malad yo pa ka chwazi nenpòt moun ki pou baw san. Ayisyen se yon pèp ki bay anpil lòt bagay enpòtans men anpil nan yo vrèman neglije sante yo. Poutan yo ta sipoze bal plis valè paske yo pa vann li nan mache. Imajinew wal fè yon pyès yo mandew gwoup sangen w, ou pa konnen l epi w Chwazi di nenpòt, ou imajine ki konsekans sa ka genyen. M ap konseye chak sitwayen pou yo konn gwoup sangen yo, aprann priyorize sante nou li pa gen pri” deklarasyon Mis Jeanty Schmide. 

 San se yon tisi likid ki fasil pou pran nan men yon moun ki an sante epi transfere l bay yon moun ki malad. Sepandan, malgre se yon konpozisyon selilè ki idantik nan tisi sa a, gen yon varyab nan plizyè eleman nan san ki genyen ant endividi, ki fè li enposib pou nou bay sètèn gwoup moun ki reprezante menm karakteristik gwoup sangen an, genyen tou ou pa twò jwenn fasil. 

Gwoup sangen yo regwoupe yo an plizyè sistèm. Gen yon sistèm ki pote non ABO a, ki genyen kat gwoup sangen: A, B, O et AB. Gen youn ki rele sistèm Rh , prezans oubyen absans sibtans ” D” a nan sifas san ou ka detèmine si w se Rh positif (+) oubyen négatif (-). 

Menm jan chak sitwayen k ap viv sou latè beni, toujou chèche genyen tout pyès enpòtan yo tankou ; Kat idantite, paspò, matrikil fiskal elatriye. Se konsa tou li vrèman nesesè pou tout moun konnen gwoup sangen yo. Lè konsa n ap evite tout danje ki ka prezante nan yon moman oubyen yon lòt. 

Kethia Saint Marc

Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.

Leave a Comment
Published by