Premye Minis Ariel Henry prezante 5 pi gwo chantye gouvènman li an

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
premye minis ariel henry prezante 5 pi gwo chantye gouvènman li an
Nan seremoni enstalasyon manm Wo konsèy tranzisyon yo ayè lendi 6 fevriye 2023 a, Premye minis Ariel Henry prezante senk (5) pi gwo chantye gouvènman li an kote ladan l li mete aksan sou pwochen eleksyon yo.
Doktè Ariel Henry k ap dirije pou kont li san pratikman okenn nan enstitisyon demokratik yo nan peyi a depi rive l sou pouvwa a, fè anons sa yo nan lokal Ministè komès ak endistri an nan okazyon enstalasyon manm HCT yo.
Chèf gouvènman an anonse gouvènman li an gen senk (5) gwo chantye l ap travay sou yo ki se retabli sekirite nan peyi a epi konbat gang yo, kontinye ak refòm ekonomik yo, fè eleksyon epi remèt pouvwa bay eli k ap sòti nan eleksyon sa yo.
Nan kad akò Premye minis lan te siyen 21 desanm ki sot pase a ak divès estrikti sosyopolitik anndan peyi an, Chèf gouvènman an enstale Madam Mirlande Hyppolite Manigat, Calixte Fleuridor ak Laurent Saint-Cyr nan tèt Wo konsèy tranzisyon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.